Ekri pa Gary Eliézer
Milye Ayisyen an, Donald Guerrier blese ayè samdi pandan ekip li, Wisla Cracovie te ap jwe yon match chofe jarèt kont Polonia Przemysl.
Pandan ke pat gen jounen chanpyona wikend sa nan peyi Polòy, ekip Wisla Cracovie a te profite pou li te jwe yon ti match zanmitay yon fason pou li rete an janb, yon match ke Donald Guerrier te antre ladann nan 59e minit, men li te oblije ki te teren an 18 minit apre paske il te blese.
Nan yon tre bon nivo denye tan sa yo, DG77 ap gen pou’l wè doktè demen lendi maten pou’l ka konnen gravite blese a.
Ret branche !