Par Gary Eliézer
Seleksyon Ayisyèn foutbòl la rete kole nan 79vyèm plas klasman FIFA ki te sòti jedi pase a pou avril la, yon plas ke seleksyon an ladan n depi deja 5 mwa youn dèyè lòt.
Seleksyon nou an ki te jwe yon match amikal kont Kosovo pou mwa 5 mas ki te pase a kote pyès ekip yo pat genyen, grenn pwen sa pa pote anyen pou seleksyon an, paske ekip Kosovo a poko rekonèt pa FIFA.
Malerezman, pat gen match pou mwa avril la, epi match yo te sipoze jwe kont peyi Sèbi 26 me a poko konfime, se te ka yon gwo chans pou seleksyon an ta vin gen pwen ki ogmante pou li.
Nan tèt Klasman mondyal la, se Espay ki toujou ap mennen l epi nan zòn konkakaf la se Etazini ki kenbe plas li, Meksik toujou ap swiv li tou men Ondiras vini an 3zyèm kounya.
Men 10 peyi k ap mennen klasman mondyal la:
1- Espay
2-Almay
3-Pôtigal
4-Kolonbi
5-Irigwe
6-Ajantin
7-Brezil
8-Swis
9-Itali
10-Grès.