Pa Douby Jean
Demen dimanch lan, Mondyal la ap demare nan peyi Kata pou bout jis 18 desanb 2022. Fanatik tout kote an Ayiti ap chofe ekip pa yo, deba yo anime. Chak lè moman sa rive, tout moun ap pale de foutbòl. Ebyen youn di lòt, boul la pral woule.
Ou t ap tann li lontan ? ebyen li rive. Si Ayiti pa t rive kalifye pou gwo kokenn chenn evenman sa, fanatik pa bò isit p ap rate ti match yo sou okenn pretèks. Anpil fwa, laria byen dekore, drapo ak mayo ekip tankou Brezil, Ajantin, Pòtigal, Lafrans, Almay fè kenken. Men san nou pa bay tèt nou manti deba toujou plis chofe ant fanatik Brezil ak Ajantin. Ayisyen pa negosye ekip sa yo.
Anpil kesyon ap poze, eskè ak sitiyasyon malouk peyi sa Ayisyen ap nan chita devan televizyon pou Mondyal la ? Li klè kou dlo kòk ke pèp sa ak foutbòl mare tankou kòkòt ak figawo. Boul la plis ke yon disktraksyon pou li, moun yo atache avèk li. 4,5 jèn gason kou fanm konn fè bon kantite tan ap diskite sou foutbòl, se yon veritab pasyon. Li bay yon plezi ke fanatik malad sa yo pa kapab jwenn lòt kote.
Nou pa konn kiyès k ap chanpyon nan edisyon sa, men sèl sa nou konnen, n ap kapab pran ti boul nou san pwoblèm, paske leta ayisyen gen dwa retransmisyon an gratis ti cheri.