Ekri pa Gary Eliézer
Milye tèren ayisyen an Jeff Louis bay opinyon li sou kote li ta vle al jwe foutbol sezon ki ap vini la a. Vrèman vre, nan yon long chita pale li fè ak le10sport, nimewo 25 AS Nancy a pa pase nan plizyè chemen pou afiche lanbisyon li pou sezon k ap vini la, kote li deklare li vle jwe nan lig 1 an (premye divizyon an frans) pou moutre ak tout moun sa li kapab fè vrèman.
««Se sa mwen swete. Mwen vle jwe nan lig 1 an, mwen jwe twop nan lig 2. Mwen vle al jwe nan yon ekip ki fè mwen konfyans. Mwen pa ta renmen al jwe nan yon ekip tankou Lyon ouswa Monaco pou mwen ta toujou sou ban, epi pou mwen pa ta jwe. Mwen bezwen gen tan nan jwèt la pou mwen moutre nan lig 1 an ki sa mwen ka fè tout bon vre. Pou mwen menm, ane k ap vini la mwen pral jwe nan lig 1 an, men fok ekip ki vle mwen yo mete kob deyô pou yo ka antann yo avèk AS Nancy pou mwen.»»
12 gol nan 30 match sezon ki sot pase la, Jeff Louis demanti tout medya ki ap anonse li nan anpil klèb kit nan peyi lafrans, kit nan yon lot peyi.
««Jounalis yo ap anonse mwen tout kote, anpil ajan ap rele mwen, anpil pawol ap di sou mwen; men verite a, pyès klèb pa janm ofri mwen okenn kontra nan moman sa vre. Ajan mwen an e mwen menm tou ap tann yon bagay tout bon vre. Depi poko janm gen yon bon kontra ke yo ofri nou, ajan mwen an pap ka fè anyen, se pa yon majisyen li ye.»»
««Mwen renmen anpil Montpelier ak Saint Etienne, mwen panse klèb sa yo ap fè mwen byen. Mwen vle moutre ki sa mwen ka fè, paske anpil moun gen dout sou mwen e mwen panse 2 klèb sa yo mwen ap ka jwe ladan yo.»»
Nap raple, Jeff Louis rete yon lane kontra ak AS Nancy e klèb la pa ko ofri li pou l ta pwolonje kontra a.