1. Ayiti dwe woule balon an plis. Nou remake a plizyè repriz ti medam nou yo chita ap defann epi ret tann Canada fè erè yo menm pou yo atake, nou panse yo dwe atake plis paske advèsè a te pratikman gen kontwol premye mitan an. Nou remake yo gen talan pou yo konstwi jwèt pa yo, men yo manke pran avantaj talan sa yo. Plis yo atake, plis y’ap entimide medam Canada yo.
2. Mitan teren an gen kèk tou vid ladan ki rann ekip la inefikas. Nou soulinye kèk fay nan mitan teren an, donk li nesesè pou nou gen yon mitan teren ki pi solid nan dezyèm mitan an si tout fwa nou vle genyen match la.
3. Nerilia Mondesir bezwen jwenn plis balon devan an. Nirilia te gen 3 chans e tout 3 chans sa yo te pote danje nan kan advès la, donk l’ap enpotan pou Nerilia jwenn boul la nan pwent atak la.
4. Jwèz nou yo parèt pi eksperimante ke ti medam Canada yo, yo manke pran avantaj sou sa.
5. Nou remake ti medam nou yo manke pridan lè y’ap chache pran balon an swa pandan l anlè ou pandan l nan pye medam Canada yo. Fok yo siveye katon tou.