Home Yon nouvo fòma pou dènye faz eliminatwa mondyal U-20 pou zòn CONCACAF la

Yon nouvo fòma pou dènye faz eliminatwa mondyal U-20 pou zòn CONCACAF la

par Haiti-Tempo

 Ekri pa Benson Petit-Clair

Nan tiraj osò ki fèt  jounen jedi a nan peyi Jamayik, seleksyon U-20 Ayisyen an tonbe nan gwoup B a ki gen ladan li Kanada, Meksik, Kiba, Ondiras  ak Salvadò. Tounwa sa a ap detèmine ekip chanpyon an nan rejyon an nan kategori sila a, e l’ap pèmèt  4 peyi nan 12 k’ap patisipe yo jwenn yon biyè  kalifikasyon pou mondyal FIFA U-20  edisyon 2015 lan. Tounwa a ap gen pou dewoule nan peyi Jamayik soti 9 pou rive 24 janvye 2015.

Kontrèman a jan sa te konn fèt nan edisyon avan yo, CONCACAF ki se antite ki responsab jesyon foutbòl la nan rejyon Karayib la, Amerik di Nò ak Amerik santral, deside chanje fòma dènye faz kalifikasyon pou mondyal pi piti ke 20 tan an ane sa  a.concacaf u-20 draw

Nan nouvo fòma chanpyona sa a, 12 ekip ki kaliye yo ap repati an 2 gwoup de 6 olye de 3 gwoup de 4 jan sa te konn fèt avan.

Prezidan CONCACAF la mesye Jeffrey Webb, ki te pwofite fè entrodiksyon nouvo fòma sa avan tiraj la, anonse ke yo kreye sistèm sa nan optik pou amelyore devlopman ak plis konpetisyon nan jwèt la.  Nan sans sa a, chak ekip ki pral patisipe nan dènye faz la ap gen garanti pou yo jwe pi piti 5 match olye de 3 jan lim konn ye avan sa.

Nou nouvo konfigirasyon sila a, ekip ki fini nan  premye  plas nan Gwoup A ak Gwoup B pral otomatikman kalifye pou  edisyon 2015 mondyal U-20 FIFA k’ap gen pou dewoule nan peyi Nouvèl Zeland. ekip ki fini nan dezyèm ak twazyèm-plas nan chak gwoup yo (2e A e B, 3e A e B) sa ki pral bay 4 ekip, ap pral jwe yon tounwa baraj pou detèmine ki peyi k’ap jwenn 2 lòt biyè yo pou rejyon CONCACAF la.  Kat (4) ekip sa yo pral regroupe de 1 a 4 selon pèfòmans ke yo te bay nan faz poul la.  Nan etap  sa a, ekip ki fini an premye a  pral jwe ak Katryèm nan pandan  dezyèm nan pral fè fas a twazyèm  lan. De (2) peyi ki arive bat yo  pral tou kalifye pou mondyal la, y’ap rejwenn 2 sa ki te gentan kalifye yo pou fè 4 ekip yo pou mondyal la.

Men gwoup yo an detay:

Group A
Jamayik (Peyi oganizatè)
Trinidad ak Tobago
Awouba
Panama
Etazini
Gwatemala

Gwoup B
Ayiti
Kanada
Meksik
Kiba
Ondiras
Salvadò

 

Pwogram nan:

 Vandredi 9 janvye 2015
15:00 Awouba vs Panama
17:30 Etazini vs Gwatemala
20:00 Jamayik vs Trinidad ak Tobago

Samdi 10 janvye 
15:00 Meksik vs Kiba
17:30 Ondiras vs Salvadò
20:00 Ayiti vs Kanada

Dimanch 11 janvye
15:00 Trinidad ak Tobago vs Awouba
17:30 Panama vs Etazini
20:00 Jamayik vs Gwatemala

Lendi 12 janvye
15:00 Kanada vs Meksik
17:30 Kiba vs Ondiras
20:00 Salvadò vs Ayiti

Mèkredi 14 Janvye
15:00 Gwatemala vs Trinidad ak Tobago
17:30 Awouba vs Etazini
20:00 Jamayik vs Panama
Jedi 15 janvye 
15:00 Salvadò vs Kanada
17:30 Meksik vs Ondiras
20:00 Ayiti vs Kiba

Dimanch 18 janvye 
15:00 Panama vs Trinidad ak Tobago
17:30 Gwatemala vs Awouba
20:00 Jamayik vs Etazini

Lendi 19 janvye 
15:00 Kiba vs Kanada
17:30 Salvadò vs Meksik
20:00 Ayiti vs Ondiras

Mèkredi 21 Janvye 
15:00 Panama vs Gwatemala
17:30 Etazini vs Trinidad ak Tobago
20:00 Jamayik vs Awouba
Jedi 22 janvye
15:00 Kiba vs Salvadò
17:30 Ondiras vs Kanada
Ayiti vs Meksik

Samdi 24 janvye 
14:00 Dezyèm vs Twazyèm
17:00 Premye vs. Katriyèm

20:00: Premye nan gwoup A vs. Premye nan gwoup B (Final)

 

Laisser un commentaire