Yon jou avan seleksyon U-20 an jwe premye match li kont peyi Kanada nan kad dènye faz elimatwa mondyal kategori sa a k’ap gen pou dewoule nan peyi nouvèl Zeland ane sa a, haititempo.com gen chans pale ak kapitèn seleksyon an ki deklare nou ke li pare a 100% pou gwo randevou sila a.
Nou envitew li entèvyou a nan tout entegralite li:
HT: Becker, kòman ou ye, kòman moral la ye a yon jou de premye match Ayiti nan konpetisyon an?
JBJB: Mwen santi’m trè byen gras a Dye e poum byen diw moral la a 100%. Anpil detèminasyon ak motivasyon.
HT: Kòm kapitèn ekip la, eske ou remake menm motivasyon sa a kay tout jwè yo?
JBJB: Bon pou’m byen di’w nou tout byen motive, byen detèmine e sa’k fèm plis plezi se paske nou tout gwoup la gen menm objektif.
HT: Eske’w konfyan ke gwoup la ap rive kalifye malgre pwoblèm preparasyon yo?
JBJB: San dout mwen ka di wi, n’ap travay, goumen pou’n jwenn kalifikasyon an. Sa ki fè’m plezi ankò se paske gwoup la an jeneral pa kite pwoblèm yo fè pyès efè sou nou. Se jis yon motivasyon an plis yo pote pou nou, se sa’k ki pral fe nou reaji plis.
HT: Nou remake seleksyon ayisyen yo toujou febli lè yo rive nan dènye faz la (faz verite a), eske ou ka met pèp la an konfyans ke ekip pa’w la ap diferan antan ke lidè gwoup la?
JBJB: Nou menm an jeneral nou prè e nou pa pè. N’ap di pèp ayisyen an ak wot vwa yo mèt met konfyans nan nou, nap kalifye paske nou se grenadye e nou fyè pou nou di nou se Ayisyen. Drapo nou pwal flote byen wo nan Jamayik jiska Nouvèl Zeland.
HT: Le’w gade poul Ayiti a, ki sak vin nan tèt ou kòm lidè gwoup la?
JBJB: Li pa lòt ke chak match yo se yon final.
HT: W‘ap jwe demen kont Kanada, èske nou gen enfo sou ekip sa a?
JBJB: Pa tèlman paske nou pa wè kote yap jwe men antrenè a ba nou kèk ti detay sou yo.
HT: Yon dènye mo pou piblik la Becker?
JBJB: Li pa lòt ke kwè nan nou e nou menm tou gwoup la nou deja kwè nan tet nou. Nouvèl Zeland tèt dwat. Kit se nan tele sou entenèt mwen swete nou wè kalifikasyon an.
HT: Mesi pou disponibilite’w, Haiti-Tempo swete’w siksè.
JBJB: Yon gran Mèsi pou Haiti-Tempo, anpil respè pou travay sa a n’ap fè a. An pasan, map remèsye Bob, Simon, Saye ,Djony Baya, Vensan yon gwo mèsi pou nou, jodia se nou ki fèm ka pale de foutbòl. Mèsi!!!
Reyalize pa Benson Petit-Clair pou Haititempo.com