Ekri pa Gary Eliézer
Apre ke Sporting Kansas City te vin koupe kontra li nan semèn ki sòt pase a la, James Marcelin retounen nan ansyen klèb li ki se Fort Lauderdale Strikers pou li kapab vin jwe sezon 2015 lan, se sa ekip la anonse jounen jodi madi a.
Marcelin ki te fè yon gwo sezon lanne pase ak ekip sa, retounen apre li te fin pase sèlman yon mwa nan MLS la ak ekip Sporting Kansas City a, sa ki fè dirijhan Strikers yo kontan anpil.
‘’Nou trè kontan pou nou anonse ke James Marcelin retounen nan ekip la, prezans li nan mitan teren an pral pote anpil bagay pou nou sitou avèk fòs li e kapasite teknik li genyen. Li te yon eleman enpotan nan sistèm nou an e n’ap tann pou l fè yon bon sezon avèk nou ane sa ankò,’’ se sa manadjè ekip la André Chaves deklare.
Dire kontra ak konbyen kòb li ye pa devwale men Marcelin pral pote nimewo 42 nan ekip la.
NEWS: Haitian International Midfielder James Marcelin Returns to Strikers Read more here: http://t.co/0pTavzPIYq pic.twitter.com/Tz0f799wk6
— FtLauderdaleStrikers (@FTLStrikers) March 3, 2015