Devan plis pase 29,000 spektatè nan Gillette Stadium, nan zòn Boson, USA, seleksyon Brezilyèn nan pase Etazini yon rakle 4 a 1 madi aprè midi gras ak 2 gòl de Neymar, pandan Hulk ak Rafinha te arive enskri 2 lòt gòl yo pou ekip 5 fwa chanpyon mondyal la.
Byen bonè nan rankont lan, Hulk te ouvri skò a pou Brezil aprè’l te fin resevwa yon balon Willian te choute men ki te frape nan poto tranvèsal la. Atakan Brezilyen an ranmase balon an e choute’l nan kan Ameriken yo, malerezman Brad Guzan pa’t en mezi pou epanye gòl la pou Yankees yo.
Premye mitan rankont lan te fini 1-0 an favè Brezil, men Brezil te domine advesè a konplètman nan premye peryòd la.
Aprè poz la, Dunga te monte ak Neymar, ki pa’t pran tan pou enskri non’l nan match la. Nan 51èm minit rankont lan David Luiz sèvi Neymar yon pas an pwofondè, Neymar kontwole balon an e drible Geoff Cameron ki te komèt yon fot sou jwè Baselòn nan nan kare a. Abit la te sifle yon penal pou Brazil, Neymar pwofite de moman an pou’l enskri 45èm gòl li pou Brazil e double avantaj la pou Sid-Ameriken yo.
Trèz minit pita, Rafinha ajoute yon twazyèm gòl pou Brezil aprel fin resevwa yon pas nan men Lucas Moura. Neymar ajoute dezyèm gòl li pou sware a 3 minit apre gòl Rafinha a swit ak yon pas dyagonal li resevwa nan men Lucas epi li drible plizyè defansè Ameriken avan li mete balon an nan filè a.
Ameriken yo ajoute yon gòl de jistès nan fen rankont lan gras ak rezèvis Danny Williams ki te pwofite make 2èm gòl li pou seleksyon Amerikèn nan.
N’ap raple, Brezil jwe ak USA 18 fwa, Sid-Ameriken yo fè 17 viktwa e Ameriken yo gen yon sèl grenn viktwa. Se dezyèm fwa sou rèy Klinsmann nan Brazil arive bat USA 4-1 nan yon match zanmitay.