Home MagazineAn KreyòlAnaliz: Enpak ekonomik viris kowona nan espò

Analiz: Enpak ekonomik viris kowona nan espò

par Haiti-Tempo

Mond espò a ap viv yon enpak ekonomik san parèy akoz pandemi kowona viris la. Gen twa (3) senaryo posib pou sezon sa a, sitou pou pi gwo lig yo ak lòt gwo konpetisyon espò ki te dwe oganize pandan vakans lan ta kapab fini. 3 senaryo sa yo ap soti nan sa ki pi wo rive nan pi ba enpak tankou : (1) òganize match ak kèk fanatik akoz Covid-19 la,(2) san fanatik, (3) anile sezon an. Nou chwazi analize sa ki ka genyen kòm enpak ekonomik nan mond espò a. 

Foutbòl

Prensipal rantre ekonomik klèb yo nan mond foutbòl la sòti nan dwa televizyon, Se poutèt sa, desizyon pou ta jwe match ak kèk fanatik oubyen san fanatik t’ap pi bon pou yo pase anile sezon an nèt la. Youn nan avantaj klèb yo genyen yo gentan jwe plis pase 75 pousan nan chanpyona yo. Men nan sitiyasyon nou ye la, anile sezon an pa t’ap  bon pou yo lè nou konnen  kijan bidjè  klèb foutbòl yo jere, nan sans sa sekretè jeneral Fifpro a, Jonas Baer-Hoffman te avèti yo sou konsekans ekonomik yo ak pandemi #covid19 la. Paske pèdi lajan esponsò yo ak lajan rantre match yo se ap yon dram ekonomik.

Chanpyona nan peyi Espay

Si nou ta rive nan anilasyon  sezon an, lig la ap  fè yon pèt 20 pousan, ki se 678,4 milyon ewo pou premye ak dezyèm divizyon foutbòl espanyòl la. Sa vle di 549 milyon pou dwa televizyon (494 milyon pou premye divizyon, 55 pou dezyèm divisyon), yon lòt kote 41.4 milyon pou tikè ki  pa vann (38.8 milyon pou premye divizyon  epi 2.6 milyon pou dezyèm divisyon). Nou kapab di se t’ap yon trajedi lè nou konsidere plis pase 90 pousan nan rantre klèb la sòti nan dwa televizyon e san konte lajan esponsò yo.

Chanpyona nan peyi  Angletè

Nan Premye  Lig la se prèske menm sitiyasyon an, Televizyon ki gen dwa sou konpetisyon an tankou Sky Sports ak BT Sports peye 3.000 milyon liv (Liv la se lajan peyi Angletè)  pou dwa televizyon  pou twa (3)  pwochen sezon yo. Posibilite ki ekziste pou chanpyona pa fini an pral fè  Liverpool plis mal pase ke tout lòt ekip, yon lidè eksepsyonèl, ki ta pral chanpyon epi mete anpil lòt rekò nan listwa chanpyona a, ekip sa  gen plis pase 20 lane li pa genyen tit nan chanpyona sa a. Espesyalis nan ekonomi yo prevwa ap gen yon defisi 750 milyon liv, ki se 820 milyon ewo, si Premye lig la ta deside pa jwe rès match ki rete yo. Sa ki ta pral lakoz yon rediksyon  konsiderab nan rantre  klèb ki gen pi piti mwayen nan premye lig la.

Chanpyona nan peyi Itali

Se prèske menm sitiyasyon an nou jwenn nan Seri A, paske se dwa televizyon yo ki se pi gwo pati nan rantre ekonomik klèb yo. Si yo ta deside anile sezon an klèb yo ap fè yon defisi ki ka  nan 1,000 milyon ewo konsa: 600 pou televizyon, 200 pou esponsò k’ap sipòte klèb ak 150 pou lajan tikè match, se kalkil sa jounalis ekonomik Italyen, Marco Bellinazzo ki espesyalize nan foutbòl fè sou enpak #covid19 sou foubòl italyen an.

Chanpyona nan peyi Almay

Pou Bundesliga, daprè kalkil dirijan nan foutbòl Alman yo, si yo ta deside anile sezon an y’ap pèdi 750 milyon ewo. Nan sans sa dirijan yo  te chita ansanm kote yo deside pou ta reprann chanpyona apre kriz viris kowona a. Yon lòt kote youn  nan premye desizyon klèb Bundesliga ap prepare pou yo pran, se ta negosye salè jwè yo grenn pa grenn pou ta kapab diminye yo epi sa ta kapab desann sou enpak ekonomik kriz la.

Chanpyona nan peyi Lafrans

Pou Lig 1 an espesyalis yo mete enpak ekonomik yo  ak prèske 200 milyon ewo lè w konsidere enpòtans dwa televizyon genyen nan rantre ekononmik klèb yo.

Lig Chanpyon ak Ewopa Lig 

Dapre jounal espanyòl, Elmundo Deportivo, espesyalis yo estime 2 konpetisyon yo ta pral antre 3.300 milyon ewo, nan lajan sa yo, yon pati enpòtan ta pral jwenn  klèb yo. Se youn nan rezon ki pouse UEFA  ranvwaye Euro 2020 an pou lòt ane pou eseye fini 2 konpetisyon sa yo sa ki pral pèmèt yo fè mwens defisi.

BASKETBÒL

Panorama  baskètbòl la pa twò diferan ak foutbòl la, dwa televizyon fè yo tankou yon poul k’ap ponn ze lò nan espò tèlman gen anpil lajan ki antre.

NBA

NBA a t’ap pèdi anviwon 450 milyon ewo nan sèlman lajan tikè pou moun k’ap vin nan match si tout fwa yo ta deside rès konpetisyon an ap jwe san fanatik. Yon lot kote, jwè yo a fè yon pèt plis pase 20 pousan nan salè yo akoz yon avantaj pwopriyetè franchiz yo gen nan kontra jwè yo ki di yo gen dwa retire nan salè yo nan ka ta gen gwo kontraryete, nan kad kriz #covid19 li posib. Men, yon fwa ankò danje a sou tèt pi gwo lig baskètbòl sou planèt la kote gen posibilite pou pèdi lajan dwa televizyon yo. Kantite lajan biznis mondyal NBA a nan 8,000 milyon dola. Nan lane 2014, yo te siyen yon akò 9 lane pou yon total  $ 24 milya dola, pou $ 2,700 sou chak sezon. Yon kantite enpòtan t’ap pèdi nan lajan si yo ta anile sezon an, menmsi NBA a pi estab pase klèb foutbòl yo.

Euroleague Basketball

Malgre pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl, men nan  pwojeksyon Forbes fè sou Euroleague la yo estime rantre pou sezon sa a ka nan 1,100 milyon  ewo, pratikman de (2) fwa valè sezon anvan, ogmantasyon sa se gras ak dwa televizyon, nouvo esponsò tankou DAZN  ak lòt ankò. Anile sezon an ta dwe yon souflèt difisil pou baskètbòl Ewopeyen an, ki gen yon  bidjè limite. Li enpòtan pou nou siyale ane pase Final Four te gen yon enpak ekonomik nan 56 milyon ewo nan vil Victoria. Ane sa a li te planifye pou fèt Kolòy, Almay.

Fòmil I

Fòmil I deja  te pèdi anviwon 40% nan valè  li yo ane pase, plis pase $ 2 milya dola daprè analiz Formula Money. Pwoblèm lan se depans li mande yo ki nan 2,000 milyon konpare ak 2,020 milyon nan benefis 2019 yo. Tankou desizyon pou kanpe konpetisyon ki te gen pou fèt nan peyi  Lachin ak Vietnam deja gen yon enpak ekonomik negatif  ki nan 77 milyon ero.

Jwèt Olenmpik

Tèlman peyi Japon konte sou òganizasyon Jwèt Olenpik yo, otorite yo t’ap defann avèk anpil agiman malgre pandemi #covid19 la y’ap kapab reyalize Tokyo 2020 an  nan menm dat la, san yo pa ranvwaye l. Peyi Japon envesti plis pase 20,000 milyon ewo, ak yon bidjè ki depase 10,000 milyon ewo, e sa ki te bese akòz kriz ekonomik ane pase a. San konte gwo esponsò yo ak televizyon, se yon  souflèt marasa yo pran, menm pou komite Olenpik entènasyonal (COI) ki te kwè jwèt olenmpik yo t’ap kapab òganize nòmalman. San Nou pa bliye  Kontra Tokyo genyen ak COI, otorite Japon yo konsidere desizyon an tankou yon bòykòt oswa yon dezas natirèl.

-Ministè Touris  peyi Japon te estime a 600,000 vizitè etranje yo pou Jwèt Olenmpik Tokyo-2020 an

-Biwo etid Fitch Solutions yo estime PIB Japonè ka ta tonbe nan 1.1% pou ane 2020 an, akoz yo ranvwaye Jwèt Olenmpik Tokyo 2020 yo. Previzyon  negatif yo kapab monte soti nan 0.5 a 0.8  nan pousantaj, dapré Fitch Solutions

-Chanjman dat yon evènman konsa ta ka afekte konfyans yo mete nan konsomatè Japonè yo, yon lòt kote peyi a ap pèdi  240 milya Yen (2 milya ewo) lajan ki t’ap gen pou soti nan fanatik etranje yo, daprè ekonomis Takashi Miwa, di AFP.

-Ekonomis SMBC Nikko Securities vle fè kwè chanjman nan dat òganizasyon Jwèt Olenmpik yo pral gen yon  enpak negatif anviwon  660 milya  Yen (5 milya dola ) sou PIB Japon pandan ane sa

TENIS

Pa gen okenn travay ki fèt sou enpak anilasyon oubyen sispansyon  konpetisyon Tenis yo chak jou k’ap ogmante akoz viris kowona a. Si nou pran yon konpetisyon tankou  Roland Garros selman nan prim pou kont li, Grand slam distribye plis pase 40 milyon ewo a jwè yo. Yon lòt kote El Godó oblije fèmen pòt li e se yon evènman ki gen yon bidjè ki nan 11 milyon ero . Lè nou konsidere sa yo se defisi ki pral difisil pou repare, prezidan Jordi Cambra ki reponsab El Godó (konpetisyon Tenis) di y ap eseye limite enpak yo.

N’ap tout fwa di gen anpil konpetisyon ki gentan swa deja anile ou yo voye yo pou lòt ane, gen lòt menm ki gen gwo risk sou tèt yo, n’ap gen pou nou gade kòman sa ap kontinye.

 

Yon travay, Peterson Iscenté Dersomeau

À lire aussi