Nan kad kalifikasyon pou Mondyal U-17 2026 la, Ayiti ap rantre nan batay apati 5 fevriye k ap vini la fas ak ekip Grenad la. Avan konfwontasyon sa k ap lanse kanpay eliminatwa ti Grenadye yo, Kowsky Sainvil, antrène seleksyon ayisyen an, te pataje enpresyon l douvan kamera FHF. Pou kotch la, objektif la pa lòt : se kalifye pou Koupdimond lan yon lòt fwa ankò.
Eddy César te fè l an 2025, Kowsky Sainvil vle refè l an 2026. Nan kad eliminatwa Mondyal U-17 2026 la, Ayiti twouve l nan gwoup C a bò kote Grenad, Antigwa ak Gwatemala. Pou kalifikasyon an posib, jwè ayisyen yo dwe fini premye nan poul la.
De jou avan premye match yo nan konpetisyon an fas ekip Grenad la, Kowsky Sainvil, antrenè ti mesye U-17 yo, te bay enpresyon l devan laprès, yon okazyon pou l te abòde nominasyon l nan tèt seleksyon an : “Fò m di w byen, m te vrèman kontan lè m te resevwa apèl federasyon an pou m te kapab vin pran tèt seleksyon U-17 lan. Se toujou yon plezi pou mwen menm a chak fwa m jwenn opòtinite pou m mete eksperyans mwen osèvis peyi mwen”.
Aprè sa, li te pwofite bay nan ki etadespri li menm ak jwè l yo ap abòde konpetisyon an : “Objektif lan senp e klè, se refè l ankò. Refè l ankò vle di travay, al goumen pou nou vini ak kalifikasyon an pou peyi a”. Diskou sa temwanye konfyans kotch la gen nan ekip li. Kanmenm, se reyalite teren an ki pral di si ti Grenadye yo ap rive rache kalifikasyon yo pou Mondyal la.
Randevou kase jedi 5 fevriye a 5è nan aprèmidi, pou premye match Ayiti nan eliminatwa Concacaf yo.

Home
Store
Contact