Ekri pa Benson Petit-Clair
Haititempo.com ap prezante nou 10 enpak kalifikasyon seleksyon nasyonal la pral genyen sou chanpyona nasyonal la.
Jwè lokal yo pral plis motive: Aprè kalifikasyon Ayiti pou Copa America 2016 la, plizyè jwè k’ap evolye nan chanpyona nasyonal la manifeste dezi yo pou yo ta reprezante peyi a nan randevou istorik sila a k’ap regwoupe 10 peyi nan zòn Amerik sid la, ak 6 lòt nan rejyon CONCACAF la. Plis pase 10 jwè lokal konfye haititempo.com ke yo pral travay pandan sezon k’ap vini an pou yo ka enpresyone nouvo entrenè seleksyon nasyonal la ki deja deklare entansyon l pou li genyen kèk jwè lokal nan seleksyon an kontrèman ak Marc Collat ki pa’t twò danse kole ak jwè lokal. Kalifikasyon sa a pral pote yon motivasyon an plis pou jwè lokal yo ki pral fè tout sa yo konnen pou enpresyone Patrice Neveu k’ap gen pou li gade plizyè match D1 avan li chwazi 23 jwè pou reprezante peyi a nan kopa a.
Chanpyona a pral plis konpetitif: Si jwè yo plis motive, san dout ekip yo pral plis pèfòman. Chanpyona a pral gen plis spektak, nivo foutbòl la pral ogmante paske anpil jwè pral chache benediksyon Neveu ki pap chwazi jwè sou pase yo men pito sou pèfòmans yo.
Pral gen plis enterè nan foutbòl lokal la: Kalifikasyon pou a kopa a se deja yon bon nouvèl ekip yo nan premye divizyon. Yo pral benefisye dirèkteman paske anpil fanatik ak manb laprès kounye a gen yon rezon pou sipòte foutbòl lokal la olye yo chita gade etranje. Konsyans patriotik anpil moun pral revòlte, Sa pral rann yo bay foutbòl lokal la plis apresyasyon. Nou deja jwenn anpil temwanyaj kote gen anpil fanatik ki di y’ap sispann chofe Messi ak Neymar paske nan kopa Amerika a yo ka anfas Ayiti cheri. Gen anpil manb laprès ak fanatik ki pral pwofite moman sa a pou konnen pi byen aktè ki pral reprezante peyi a nan gwo evenman sila a. Answit, depi nivo a ogmante jan sa deja prevwa nan atik la, plis moun pral nan match toujou.
Depi gen enterè, ap gen sponsò: Tout sponsò ap chache vizibilite, depi foutbòl lokal la ofri sponsò yo bon jan vizibilite y’ap chache a, y’ap vini patwone ekip yo ak jwè yo.
Chanpyona lokal yo pral plis mediatize: Kòm sa deja mansyone, près lokal la pral gen plis enterè nan match lokal yo kontrèman a jan sa ye kounye a, donk yo pral plis ka pale de foutbòl lokal la ak jwè lokal yo pi byen toujou.
Plis fanatik ak plis media egal plis lajan: Depi fanatik yo ap vin nan match epi media lokal yo ap fè pwomosyon pou chanpyona a, dirijan yo ap fè plis lajan nan match yo. Konsa, dirijan yo ap ka itilize lajan sa a pou benefisye ekip yo ak jwè yo.
Plis paran ap kite pitit yo jwe foutbòl: Anpil jwè foutbòl abandone chanpyona nasyonal la sou presyon paran yo paske paran yo pa wè twòp benefis ki gen nan jwe foutbòl an Ayiti. Konsa tou, gen anpil jwè ki rete jwe malgre paran yo kont sa. Avek kalifikasyon sa a, anpil paran pral kite pitit yo jwe san pwoblèm paske yo konnen pitit yo ap gen chans pou reprezante Ayiti nan yon gwo tounwa entènasyonal. Menm si se pa ta nan Kopa ane sa a, men tounwa sa a pral yon veritab ouvèti.
Antrenè lokal yo pral fè plis efò: Patrice Neveu se youn nan pi gwo benefisyè kalifikasyon seleksyon an pou Kopa a. Gras ak yon sèl viktwa li pral patisipe nan pi gwo konpetisyon nan karyè li, dayè li pat wont di sa nan konferans aprè match la. Kounye a tout moun pran Neveu pou yon sovè. Bon e si se te yon antrenè Ayisyen ki te kalifye peyi a? Donk tounwa sa a pral pèmèt antrenè lokal yo fè plis efò pou si yo ta jwenn yon chans pou antrene peyi a pou palmarès yo pale pou yo. Answit, federasyon an ap gen pou chwazi yon antrenè lokal pou met nan staf Patrice Neveu a, pèfòmans yon antrenè ka ede li jwenn pòs sa a si chwa a pa fèt avan chanpyona a demare.
Etranje pral entèrese ak chanpyona a: Se pa Ayisyen sèlman k’ap vin enterese ak chanpyona a, anpil etranje pral swiv chanpyona a de lwen ou de prè. Anpil peyi ki pral patisipe nan Kopa a pral fè plis rechèch sou Ayiti, sou jwè nou yo, sou ekip nou yo. Si posib, genyen ki ka vin gade pou familiarize plis ak nou. Konsa tou gen media etranje k’ap antre pou vin fè dokimantè sou foutbòl la nan peyi a avan tounwa a kòmanse. Si nou arive bay yon bon pèfòmans nan konpetisyon an, pral gen plis zye brake sou nou.
Finalman, federasyon an pral òganize chanpyona a pi byen: Depi gen plis enterè, ap gen plis egzijans. Sa vle di, òganizatè chanpyona nasyonal la ap pran plis prekosyon nan desizyon y’ap gen pou pran yo paske plis moun pral pote atansyon ak sa kap pase nan foutbòl lokal la.
Grenadye alaso! Viv seleksyon nasyonal la, viv foutbòl lokal la!