Ekri pa Gary Eliézer
Ansyen jwè entènasyonal Ayisyen an, Monès Chery vini 2zyèm jwè ki make pi bèl gòl nan tout listwa koup lò a (Gold Cup) avèk gwo bout tonton gòl li te fè nan lanne 2009 kont peyi Etazini nan kad premye tou chanpyona sa. Match ki te fini (2-2).

Avèk 23% vòt yo, ansyen nimewo 14 Ayisyen an ke gòl li a te rive nan final kont yon Gwatemaltèk ki rele Javier del Aguila, pèdi nan pousantaj yo apre li te fin byen pase nan seri avan yo kote li te genyen ak 59%, 81%, 65% epi 56% youn dèye lòt nan 32, 16, 8 ak 4 pi bè gòl yo ki make nan koup lò a.
Nan 32 pi bèl gòl yo, Monès Chery te an fas Gwadloupeyen, David Fleurival avan ke li te pase sou blan Meriken Stuart Holden, Kostariken yo, Celso Borges epi Walter Centeno pou li te al pèdi nan final kont Javier del Aguila. Se fanatik ki vizite sit entènet KONKAKAF la ki te gen chans pou yo te vote nan sondaj yo.
N’ap envite w reapresye gòl Mones sa :