Otè Merck’n Sley Suprême Jean-Pierre
Kalifikasyon Ayiti pou Mondyal la se rezilta bon prestasyon ak patisipasyon 34 jwè ki te seleksyone pandan 2 faz eliminatwa yo. Pami yo, gen Josué Casimir ki anplis de prestasyon l yo sou teren ki merite bravo, pa sispann fè fanatik yo pale de byen de li pou lòt rezon ki pa foutbòl.
Casimir se jwè ekip Auxerre nan premye divizyon nan peyi Lafrans. Nan mwa Oktòb 2025 lan, li te jwe premye match li kont Ondiras pou Grenadye yo. Depi nan premye entèvyou li lè li te fèk rejwenn ekip la, mitan tèren an te deja montre yon atachman ak peyi li ki te fè sipòtè yo plezi. Anplis de lang kreyòl la li pale “klè, klè, klè kou dlo kòk”, tankou jan li renmen di sa, li te bay avi li tou sou manje ayisyen li pi renmen.
Pa ta dwe gen anyen etonan nan sa, yon ayisyen ki pale kreyòl. Men kontèks la pa sèlman sa. Josué Casimir fèt 24 septanm 2001 Gwadloup, epi ap evolye an Frans depi l te pi jèn. Paran li se ayisyen. Men depi lè li fèt li poko janm met pwent pye li Ayiti. Kidonk, gen ase kondisyon pou li pa ta gen alèz ase nan lang kreyòl la, ni yon twò bon koneksyon ak Ayiti, tankou jan nou konn wè sa pou kèk lòt jwè ki ap defann seleksyon an.
Epoutan, jèn pwofesyonèl 24 lane a tounen youn nan moun fanatik yo plis apresye nan gwoup la byen rapid. Nan chak nouvo videyo li ki pibliye sou rezo sosyal yo, kòmantè ak mo kontantman yo pa sispann. Fanatik yo menm rele li “vakabon ekip la”, akoz langaj ak slogan li itilize nan echanj li yo, ki tèt koupe ak jan yon jèn ki ap viv Ayiti jodia ta ka eksprime li. Gen menm fanatik ki amize yo di, Casimir san dout grandi Ayiti, li jis ap kache sa.
Entegrasyon rapid sa a revele anpil bagay, pami yo stil ak konpòtman jwè a li menm, ki montre tout abilite li genyen pou li fonn nan yon gwoup, aptitid sosyal li. Men tou, sa revele travay fanmi li oswa antouraj li te fè ak li pou pèmèt li non sèlman pale kreyòl, men gen ase referans kiltirèl sou peyi orijin li tou. E se sa a anpil moun wè ki ta dwe yon egzanp pou anpil paran Ayisyen k ap leve timoun yo aletranje.
Depi plizyè deseni, Ayisyen pa sispann kite peyi a, al viv lòt kote. Deplasman sa yo pa sèlman kreye yon klas dyaspora ki kontribiye anpil nan ekonomi peyi a. Men li kreye tou yon klas pwofesyonèl ayisyen ki ap grandi pi plis chak jou, nan yon dividal domèn. E jounen jodia, kote sitiyasyon sekiritè sou teritwa a lage dlo nan motè majorite sektè pami yo espò a tou, pitit Ayisyen ki grandi laba kontribiye anpil nan fè drapo a flote byen wo.
Si 52 lane apre Ayiti pral patisipe nan Mondyal, se yon gwo egzanp ki montre kijan menm byen lwen peyi a, ayisyen ka kontinye sèvi Ayiti. Men kijan pou yon jèn sèvi peyi orijin li, si li grandi san okenn atachman ak kilti li. Si li grandi san paran l pa aprann li konnen peyi kote l soti, san paran li pa pale l de rasin li oubyen, konekte l ak sa ki fè idantite li, epi rann li inik kòm ayisyen.
Pa t ap gen twòp pwoblèm si Josué Casimir te vini nan ekip la, bay bon pèfòmans li yo, epi tounen kote l ap viv la san bri san kont. Dayè, se pa kòmsi sa pa konn fèt nan ekip nasyonal nou yo. Men, paske li pale kreyòl byen, paske li fonn nan gwoup la, paske li montre konkesyon l ak peyi a, sa ajoute plis reyonnman nan bèl remiz li te bay Don Deedson sou premye gòl kont Nikaragwa a.
Se tankou nou ta ka di, Ayisyen pa sèlman renmen Ayiti, Ayisyen renmen lè Ayisyen renmen Ayiti. Casimir raple nou tou, Ayisyen k ap defann Ayiti yo ka Ayisyen toutbon, nan pawòl yo, nan koneksyon yo ak peyi a, men tou nan enplikasyon yo, menm si yo pa ta grandi lakay.

Home
Store
Contact