Tankou tout moun, Atlèt nou yo ap amize yo nan fèt fen ane a e yo ap pare tou pou ane ki pral vini an la ki se 2015, nan okazyon sa, anpil ladan yo ke Haiti-Tempo te kontakte, yo te profite pou voye mesaj pa yo ak tout fanatik yo.
Foutbolè, jidoka, Voleyè, dirijan kit yo aletranje, kit yo Ayiti, yo te plase mo pa yo pou fanatik yo. An nou li yo :
Ricardo Ade (defansè Miami FC): Mwen ta vle swete tout moun bòn fèt Nwèl, epi yon bòn ane 2015. Sante, lapè, pou yo pwospere, pou yo reyisi nan sa y’ap fè, kè kontan ak lanmou, ann kite tout panse negatif yo. Fè atansyon anpil pandan jou ki rete yo pou nou ka wè ane tou nèf sa k’ap vini an, si w’ap kondi pa bwè, ke BonDye beni nou.
Wisline Dolce (Jwez seleksyon nasyonal feminen an): Mwen di mesi Bondye, mesi pou fanmi m, mennaj mwen, e gran mesi ak tout fanatik mwen yo, spesyalman avèk tout jounalis ki an Ayiti yo, sitou tout staf Haiti-Tempo yo, kite sipòte m pou ane 2014 la, mwen swete pou Bondye toujou beni yo, ba yo fòs, sante, anpil siksè pou ane 2015, e mwen kwe Bondye ap toujou gide yo proteje nou pou tou rès ane a. Bon lanne 2015.
Pascal Millien (Jwe Seleksyon nasyonal la): Se toujou yon Fyète ak onè depi m’ap pale ak Haiti-Tempo. Mwen ap ankouraje nou pou fè travay la mache. Mwen swete Bondye ba nou plis fòs ak kouraj. Pa bliye ak anbisyon pozitiv tout bagay posib. Epi grenadye 2015 byen rèd.
Kervens Fils Belfort (Jwe Seleksyon nasyonal la): Mwen swete ane 2015 l’an pote anpil siksè pou peyi a.
Linouse Desravines (Jidoka): M’ap swete jwaye nwèl epi yon bon lanne 2015 ak tout fanatik yo ke BonDye beni yo chak jou epi, pa bliye jezi ap retounen sak poko gen jezi nan lavi yo chèche li depi kounyea.
Wedson Anselme (Atakan Sheikh Jamal DC, Bangladesh): M’ap swete ak tout ayisyen ayisyèn, yon jwaye nwèl e yon bòn ane 2015, mwen espere ane k’ap vini an ap pote plis bon bagay pou nou nan tout nivo. Yon sèl peyi, yon sèl pèp, yon sèl nasyon, nou paka kite’l pèdi, e mwen swete tout dirijan foutbòl yo mete tèt yo ansanm pou yo fè’ l mache.
Jean-Charles Canes (Kapitèn Don Bosco) : Mwen swete tout fanatik mwen yo yon bòn fèt nwèl e yon bòn ane 2015 nan lapè ak lanmou youn pou lòt, m’ap profite di yo mwen renmen yo anpil epi m’ap travay pou kè yo ka kontan plis ak lòt koup ankò.
Marie Yves Dina Jean Pierre (Jwez seleksyon nasyonal feminen an): Map swete tout fanmi foutbol la bon lanne 2015. Yon ane tou nef ouvri yon liv tou nef. Mwen swete tout moun bliye pwoblem yo pou yo ka akeyi nouvel ane a. M swete 2015 lan pote yon nouvo eksperyans, nouvo defi, nouvo opotinite e yon lot pespektiv pou tout seleksyon nasyonal nou yo. Bonn Ane.
Woodensky ‘’Babalito’’ Marlet Cherenfant (Jwè seleksyon U-20 an): Jwaye Nwèl e bòn ane, mwen swete 2015 lan pote anpil chanjman nan kè nou epi nan vi nou, rete pozitif.
Kens ‘’Teepa’’ Germain (Atakan America epi Seleksyon an) : M’ap swete fanatik America yo anpil pwogrè, siksè. M’ap fè yo konnen ke yo ka toujou konte sou mwen e sou tout ekip America paske ekip la ak tout fanatik yo se yon sèl fanmi, san yo nou pa ka egziste.
Jocelyn Joseph (Sensei de 1er dan Shotokann, kiokuchankai): Ane 2014 la se te yon ane ki te gen anpil pwoblèm, mwen swete pou 2015 lan k’ap vini an la ap yon ane lapè, rekonsiliasyon ak lanmou e m’ap mande a chak jèn ki nan peyi a pratike yon spô.
Esso Faudelyn Amicy ( Jwè seleksyon U-23 a): Sa m’ap di a fanatik yo, sè ke pou yo pa engra avè Bondye. Remesyel pou ane a li fe nou pase e mwen mande Bondye poul akode nou favè pou nou ka viv plizye ane anko m renmen nou anpil fanatik yo.
Luckner Horat Junior ( Jwè seleksyon U-23 a): An Ayiti lè‘w soti nan klas defavorize oubyen nan geto, se 2 bagay ki ka ede’w rive nan vi a malgre w pa fe gwo klas lekol: se foutbol ak mizik. Foutbol la mete mwen ak anpil lot jwè sou pant ke nou pa’t janm espere. Pou ane sa a k’ap vini an, mwen gen yon slogan ki se: Pa kite lajan chanje w se ou ki pou chanje lajan. M’ap swete tout fanatik Haiti-Tempo yo bon ane, fè tout sa ki bon yo, rete pozitif. Mèsi tout moun, mèsi Haiti-Tempo.
Geogelie Berry (Prezidan an apre klèb foutbol feminen Valentina): Ekip nou yo te la ap swiv ou pandan tout ane 2014 la, nou swete ane k’ap vini an la ap pote anpil siksè. Nou swete w tout bon bagay yo pou ane 2015 la.
Leve defi yo, kraze barikad yo e gade douvan pou ou kapab rive nan tèt anlè pou rive konstwi lavni ke ou swete a nan kèlke ane ankô. Ke travay ou a pote bon rezilta e lektè yo a kapab pran sit la kôm referans nan enfomasyon. Yon bon lanne 2015!
Gary Ambroise (foutbolè, jwè seleksyon nasyonal la): Mwen swete yon bon lanne 2015 ak tout pèp ayisyen an, ke BonDye beni yo epi pwoteje yo sitou pa bliye se linion ki fôs nou. lapè ak lanmou pou Ayiti.
Olrish Saurel (foutbolè): Jwaye nwèl 2014, tout bon bagay yo pou 2015, ke ane sa pote lapè, la jwa, lanmou ak tolerans pou tout moun. Bay BonDye premye plas nan vi nou.