Ekri pa Benson Petit-Clair
Sporting Kansas City siyen milye ayisyen an Soni Mustivar yon nouvo kontra, selon anons ekip la fè lendi 11 janvye 2015. Daprè règleman klib la ansanm ak lig MLS la, tèm kontra sa a pa divilje.
Mustivar, ki te siyen pou yon ane ak Kansas avan sezon 2015 MLS la kòmanse, te youn nan meyè defansè ekip la pou sezon ki sot pase a. Sou 26 match li te jwe kom titilè, Kansas te ranpòte 15 viktwa. Jwè 25 lane a fè premye gòl li pou Kansas nan yon viktwa (3-1) sou Vancouver Whitecaps nan kad demi final US Open Cup la ke Kansas te ranpòte pou ane 2015 la. Nan fen sezon an, Mustivar te eli kòm meyè defansè ekip la, yon tit li te pataje ak Matt Besler ki se yon jwè regilye nan seleksyon Etazini an.
Milye defansif la te fèt nan peyi la Frans men paran li se ayisyen, li deja jwe 9 match pou seleksyon nasyonal la. Li te titilè nan match vandredi pase kont Trinidad kote Grenadye yo ta pral kalifye pou Copa America espesyal 2016 la k’ap gen pou fèt nan mwa jen ane sa a nan peyi Etazini. Avan li te jwe pou Ayiti, li te reprezante peyi la Frans an 2009 nan nivo U-20.
Soni Mustivar te komanse jwe foutbol pwofesyonèl nan klib SC Bastia an Frans nan lane 2008 avan li travèse nan peyi Woumani kote li ta pral jwe avèk Jean Sony Alcenat (Tiga) nan Petrolul Ploiesti. Pandan 3 lane li pase nan Petrolul la, li te fè 61 aparisyon ak ekip la, epi li te gen chans jwe 8 match nan Ewopa Lig UEFA a. Li te ranpòte koup Woumani an ak klib la pandan sezon 2013 la.