Nan okazyon 20tyèm edisyon mondyal FIFA a k’ap deroule nan peyi Brezil ane sa a, haititempo.com ap prezante yon ribrik kote staf sit la ap prezante opinyon yo sou divès pwen ki konsène gwo kokennchenn evenman sa a.
Pou nou kontinye, ak ribrik la, patisipan yo ap reponn 3 kesyon sou group yo ak jwè epi ekip ki ka parèt pi entèresan nan mondyal la. Ann swiv repons yo :
Pou ou menm, ki group ki pi entèresan?
Michel Pierre Louis : gen 3 group mwen trouve ki vrèman entèresan. Se group B, D ak G. Group B a avèk 2 finalis dènye mondyal la (Espay, oland) epi Chili Australie ; group D a avèk Angletè, Itali, Irigwey epi Kosta Rica, epi group G a ki genyen gana, Etazini, Pòtigal epi Almay. Tou lè 3 group sa yo vrèman entèresan ; men si mwen ta gen poum chwazi youn se group D a mwen tap chwazi kom pi enteresan. Mondyal sa kapab genyen AnpiL sipriz.
Gary Eliézer:
Lèm konsidere group D, ki genyen an menm tan : Irigwey (2 fwa chanpyon), Angletè (1 fwa chanpyon), epi Itali (4 fwa chanpyon) m pa kwè gen yon lòt group ki parèt pi entèresan ke sa , sak pi rèd la , youn nan 3 sa ap oblije elimine nan premye tou kanmenm, m paka tann poum wè kiyès ki prale.
Guerby Meyer : Group ki pi entèresan pou mwen se group D a ki konpoze de: Irigwey , kostarika , angletè epi itali.
Alix Seme: nan tèm foutbòl mwen ka di group D a pi entèresan koz ou jwenn 3 chanpyon di mond ladanl yon peyi amerik di sid kont 2 peyi ewopeyen plis yon peyi amerik santral.yon group kote ke premye peyi chanpyon di mond lan reprezante sa vle di anpil bagay.
Benson Petit-Clair : Group G a entèresan anpil nan sans ou gen 4 ekip ki jeneralman toujou youn nan top ekip ki genyen nan zòn yo a. Men absans Ronaldo ka chanje done yo. Pou rezon sa a group D a vin parèt pi entèresan pou mwen. Wi Kosta Rica paret fèb men tout rès 3 ekip yo nan group sa ranpote pi piti yon mondyal deja. Si gen 19 mondyal ki fèt deja, gen 3 ekip nan group sa a ki konbine pou 7 tit deja. Donk, nou pa ka inyore detay sa yo. Pou m fini, m trouve sa entèresan paske 2 ekip ki te fe final nan lane 2010 yo trouve yo nan menm group: Espay ak Oland. Sak pi entèsan an, yo nan poul ak 2 ekip ki kab elimine yo ou ba yo pwoblèm si yo pa leve pye yo. Pa domi sou Chili ak Ostrali.
Eske gen yon ekip, oubyen yon jwè ou panse k’ap pote anpil sipriz?
Michel Pierre Louis : Mwen pa vle pale de jwè ki ka kreye sipriz men pito mwen panse yon ekip tankou Almay kapab siprann anpil moun. Se pa youn nan ekip ke moun premye panse avèk li lè yap panse a favori pou mondyal la. Pi souvan yo panse a yon bresil, Espay, epi petè ajantin
Gary Eliézer: Bèljik gen yon bon ekip, li pa gen gwo endividyalite tankou ekip ki favori yo men tout lis 23 ansanm bay yon bon ekip, se youn nan peyi ki ka kreye anpil sipriz nan mondyal la sitou avèk Eden Hazard kòm mèt ekip.
Guerby Meyer : Fòk yo siveye chili, kot divwa nan ekip yo, pou jwè yo mwen panse Messi ,Neymar ak Cristiano pral bay tout yo menm.
Alix Seme : mwen panse anpil ka pote sipriz sa depann nan ki sans,yon ekip gendwa se li ki pran plis katon nan mondyal la oubyen se li ki make plis gòl deyò gwo kare a sa deja yon sipriz.
Benson Peti-Clair: Chili ou la Swis, depi yo pase nan poul Espay, Oland nan.
Ki ekip ou panse kap chanpyon?
Michel Pierre Louis : si mwen tap fè on brakèt se Ajantin kont Almay mwen tap mete nan dènye kare a epi Almay tap chanpyon. Men brèf, nou konnen foutbòl la se sou tèren li jwe, e boul la ron pou tout moun. Donc nap siv
Gary Eliezer: mwen pa ret kwè yon peyi ewopeyen ap chanpyon, paske peyi ewòp yo pa janm alèz nan Amerik la, nan 7 mondyal ki fèt deja nan Amerilk la se toujou yon peyi nan menm kontinan ki chanpyon, mwen pa ret kwè li ap chanje ane sa, sitou, ewopeyen yo deja ap plenyen pou chalè, mwen panse se ant Irigwey, Ajantin oubyen Brezil ki ka chanpyon.
Guerby Meyer: Pou mw brezil ak espay se pi gwo favori yo.
Alix Seme: mwen pa ka diw ki ekip kap chanpyon vrèman siw ta mande youn nan antrenè chak ekip yo sa, yo tap diw tout ekip ka chanpyon paske se pou sa yo vini.
Benson Petit-Clair : Avan m te we lis 23 yo m te panse Brezil, Ajantin ak Almay. M toujou panse se youn nan yo. Si Ougan an pa fè Gana chanpyon (pou m fè yon ti plezi)