Pa Douby Jean
Avan kòk chante pou lendi sa, tout tizè boul te deja devan televizyon yo pou match ki mete bab pou bab Ajantin ak Arabi Saoudit nan 3e jounen Mondyal la. Ebyen, ekip ki gen ladann Lionel Messi an pèdi (2-1). Yon dèfèt ki kite yon gou amè nan bouch anpil moun.
An Ayiti, li pa yon sekrè pou pyès moun, se Ajantin ak Brezil ki genyen plis fanatik. Jodia se te tou pa Ajantin pou li jwe premye match li nan 22e edisyon Mondyal k ap fè peyi Kata. Depi senkè nan maten, tout fanatik te gentan leve pou chofe ekip yo, gen lòt se tripotay yo te vin fè.
Aprè 36 match youn dèyè lòt san pèdi, jwè Lionel Scaloni yo p at kapab rive genyen ekip Arabi Saoudit la. Yo fè yon defèt (2-1). Yon match kote taktikman ekip anfas yo a te byen disipline epi te rive pwofite chak grenn okazyon yo te jwenn.
Nan laria se bouch pa gou. Pou anpil moun se jodia Mondyal la kòmanse. Fawouch tout kote. Fanatik Brezil ap selebre, fanatik Ajantin nan kache, yon lòt bò fich ap boule. Antouka pwovèb la di : “Lè bab kamarad ou pran dife, met pa w a la tranp.”