Nan sousi pou ede’ w konnen Grenadye nou yo pi byen, Haititempo.com ap prezante w 14 verite sou youn nan jwè sa yo ki te ede Ayiti kalifye pou dènye faz koup Karayib la kap
![Kens Germain](https://haititempo.com/wp-content/uploads/2014/08/kens.jpg)
dewoule nan peyi Jamayik soti 10 pou rive 17 novanm kap vini la a, tounwa sa a ap tou sèvi kom dènye faz kalifikasyon pou Gold Cup CONCACAF 2015 lan. Nou envitew dekouvri 14 verite sou Kens Germain alias “T-Pa” ki se egalman jwè America des Cayes. 14 se nimero li pote nan seleksyon e nan America des Cayes, li te enskri 14èm gòl li fas ak ASC nan premye divizyon. Men verite yo:
1- Kens pa renmen pèdi
2- Li pa renmen ret sou ban pandan lòt jwè yo ap jwe
3- T-Pa pa renmen wè timoun nan lari nan kondisyon difisil
4- T-Pa pa renmen wè lè fi ap pran gason pou egare
5- Li pa renmen goumen
6- Kens pa renmen bri
7- Li pa renmen gason kap bat fi
8- Li pa renmen chalè
9- Li renmen volebòl
10- Soulye football li renmen mete se Nike Mercuriel
11- Li renmen fi ki senp
12- Kens renmen antrenè Garner Augustin ki sòti ak America des Cayes nan 3èm divizyon li metel nan premye divizyon ” Antrenè Kana “.
13- Li pa yon zanj li renmen blan
14- Li renmen nimewo 14 menm jan ak Thierry Henry se sak fèl toujou nan do l.
Dosye reyalize pa Alix Seme