Touswit aprè li te fin siyen premye kontra pwofesyonèl li, ansyen kapitèn seleksyon U20 an, Samuel Mardochée Pompée akòde haititempo.com yon entèvyou manch long kote li pale de nouvo klèb li a ak sou adaptasyon li nan peyi Pòtigal. Ansyen lateral dwat ekip Valencia a te reponn kesyon nou sou pwoblèm ki lakoz jwè ayisyen yo gen difikilte pou travèse dirèkteman an Ewòp pou al jwe foutbòl wo nivo. Pou fini, li manifeste volonte’l pou li defann drapo peyi a ak seleksyon nasyonal la.
Nou envite’w swiv entèvyou sa a nan tout entegralite li ak anpil atansyon.
HT: Samuel, ou apèn siyen premye kontra entènasyonal ou, ki sa sa reprezante pou ou?
SMP: Bonjou Haiti-Tempo! Se yon gran plezi pou mwen pou nou pale avèk mwen paske gen anpil fanatik foutbòl ki panse mwen pa’t jwe ankò. Donk premye kontra sa vle di yon pakèt bagay pou mwen paske se te rèv mwen pou’m kite Ayiti epi jwe pwofesyonèl. Menm lè ke se pa gran choz sou plan ekonomik men mwen panse avèk travay, disiplin, anpil sakrifis, volonté, anbisyon epi fokis mwen kwè tout lòt bagay pozitif yo pral vini pou mwen.
HT: Èske ou ka pale nou de nouvo ekip ou a ?
SMP: Nouvo ekip mwen an rele Grupo Desportivo Gafanha, se yon klèb ki nan D3 Nasyonal Pòtigal, se yon ekip ki gen yon strikti pwofesyonèl e ki ka ede’m al nan pi wo nivo a ki se objektif premyè mwen, se fason sa ki pral ede’m rejwenn seleksyon an ankò.
HT: Ki jan ou te arive dekwoche kontra sa a ak Grupo Desportivo Gafanha?
SMP: Bon, mwen nan peyi Pòtigal depi 5 Septanm ki sot pase a nan staj avèk Anadia FC men negosyasyon ant ajan mwen avèk ekip sa a pa’t fin tonbe dakò donk mwen te oblije deplase pou mwen te rejwenn Gafanha pou yon yon staj. Se gras avèk travay mwen, sakrifis epi detèminasyon mwen rive satisfè tout staf lan epi yo dakò siyen mwen.
HT: Ki lè w’ap kòmanse jwe ak nouvo ekip ou a?
SMP: Mwen ta sipoze kòmanse jwe avèk nouvo ekip mwen Gafanha ofisyèlman a pati de kòmansman mwa fevriye a lè tout papye mwen fin kòrèk; sa vle di lè tou 2 federasyon yo fin finalize tout bagay paske ou konnen se yon entènasyonal ayisyen ke mwen ye sa pral pran kèk jou pou demach yo fini.
HT: Kòman adaptasyon an ye pou ou nan peyi Pòtigal?
SMP: Avan tou map voye yon konsèy bay tout jwè ayisyen ki vle vin pwofesyonèl demen, fòk yo al lekòl ou byen aprann pale kèk lang etranje. Pou’m reponn ou, manje yo nòmal, mwen renmen yo; mwen adapte’m vit paske mwen gen abitid pati souvan, tanperati a konn deranje’m kèk fwa men mwen reziye’m paske mwen gen yon rèv, mwen konn sa mwen bezwen nan vi’m. Mwen gen tout yon peyi ki kwè nan mwen kòm talan ki ka itil seleksyon nasyonal lan. San dout mwen oblije fè anpil sakrifis pou’m pot yon rezilta pozitif. Epi pou lang nan depi Ayiti mwen te degaje’m trè byen nan anglè, mwen souvan jwenn staf mwen yo ki pale anglè ak jwè yo tou epi ajan mwen an pale anglè byen. Pou lang Potigè a, mwen kòmanse konprann anpil bagay ladan epi pafwa mwen eseye pale avèk jwè yo tou. Yo ede’m pwogrese anpil nan lang lan.
HT: Gen 2 lòt jwè ayisyen k’ap evolye Pòtigal , èske’w an kontak ak yo?
SMP: Wi, mwen pale avèk Alex pi souvan ke Christiano François, 2 mesye sa yo se Porto yap viv men mwen menm m’ap viv nan yon vil ki rele Luso.
MSP: Lè mwen di’w dezòd la gen ladan yo ki chaje talan, yo te ka rive lwen menm jan avek yon pakèt jwè ayisyen ki rive nan jwèt la jodi a, men yo dòmi ta y’al nan pwogram, yo bwè alkòl epi plen fi tou (ri), epi gen nan yo ki kite yon viza ameriken gaspiye karyè foutbol yo e si yo te ret fokis yo te ka benefisye plis ke sa.