Pa Merck’n Sley Suprême Jean-Pierre
Ayiti pa rive fè plis pase yon defèt 4-1 devan Lejip nan premye match koupdimond U17 la nan peyi Kata. Apre defèt sa a, seleksyonè Eddy César te pran lapawòl pou eseye remonte moral jwè li yo.
Yon premye match ak yon move rezilta seleksyon an dwe bliye vit si li vle toujou goumen pou yon plas nan dezyèm tou an. Antrenè a konprann sa, li raple jwè li yo, defèt sa a pa vle di misyon an chanje. Li deklare : “Se yon batay nou pèdi men m panse misyon an pa chanje. Depi nou rete fokis, nou rete nou menm, sa n ap chache a m panse omwen nou ka jwenn li”.
Menm si Ayiti pa bat match la, antrenè a sanble kenbe yon nòt pozitif. Sepandan, li lonje dwèt sou mank konsantrasyon li panse ki se prensipal koz rezilta sa. Kotch la eksplike jwè li yo : “Yon match ou pa konsantre ladan, se gade w ap gade y ap mennen sou ou. M panse se nou menm ki peche […], se nou menm ki bay tèt nou gòl yo”.
Ansyen defansè seleksyon nasyonal la kwè ekip li a pa merite pran 4-1 nan men okenn ekip, men li rekonèt se foutbòl. Li tou pwofite motive jwè li yo pandan li ankouraje yo ak mo sa yo : “Pa bese tèt, toujou kenbe menm anbyans lan nan ekip la.” Teknisyen an ki deja ap panse ak match 7 novanm nan kont Angletè, di jwè li yo byen klè “M pa vle okenn nèg mete tèt li atè !”.
Grenadye yo rete 2 match pou premye tou a. Nan gwoup E kote yo ye a, Venezyela mete do Angletè atè 3-0, sa ki mete Anglè yo nan sitiyasyon pou leve tèt yo nan dezyèm match la menm jan ak Ayiti. Yon sitiyasyon ki pral mete plis anje nan match foutbòl sa a. Se pou sa, kotch la envite gwoup li a rete soude, pa lonje dwèt sou pèsòn epi prepare yo pou sa k ap vini yo.
Si Ayiti dwe sove yon kalifikasyon pou dezyèm tou mondyal sa, gwoup Eddy Césaire ak Bruny Pierre Richard ap dirije a, dwe fè plis ke sa yo remèt jodia. Seleksyonè a pwomèt jwè li yo, yo pral travay pou korije erè yo epi tounen pi djanm.

Home
Store
Contact