Ekri pa Gary Eliézer
Mitan tèren ayisyen an Peterson Joseph k’ ap jwe nan Sporting Kansas City pap kontinye jwe pou ekip sa anko, klèb ameriken an mete li dako ak jwè a lendi ki sot pase la pou mete yon bout nan kontra li te genyen ak jwè ayisyen sa ki gen 24 lane, se sa klèb la anonse.
![Peterson Joseph](https://haititempo.com/wp-content/uploads/2014/02/Joseph_Peterson_19.jpg)
Peterson Joseph ki te siyen nan ekip sa nan lane 2011, wè li pap ka kontinye ak Sporting KC aprè li fin pase yon lane san li pa jwe okenn match ak klèb sa paske li te endispoze yon lè nan yon antrennman.
Malèz sa te bay dirijan Sporting KC yo gwo kè sote paske malgre tout tès yo te fèt yo pat janm jwenn ki pwoblèm ansyen jwè Aigle Noir te genyen, sa lakoz Peterson pase yon lane san jwe paske pou dirijan yo sante jwè a te pi enpotan pase foutbol.
N’ ap raple ou, se dezyèm jwè ayisyen pandan ane sa Sporting Kansas City koupe kontra li te genyen avèk li aprè Mechack Jérôme nan mwa mas pase a.