Ekri pa Gary Eliézer
Federasyon Ayisyèn Foutbòl la òganize dimanch 12 oktòb ki sòt pase la premye kongrè òdinè li nan vil mibalè nan otèl Rozo Plaza pou li te kapab pale de gwo aktivite federasyon an genyen epi tou òganize yon premye eleksyon pou detèmine 20 klèb k’ap gen pou vote nan eleksyon jeneral yo k’ap fèt nan mwa Janvye lane 2016.
Nan kongrè sa ki te reyini prèske tout fanmi foutbòl la, sof 5 klèb premye divizyon yo ki nan zizani avèk federasyon an (Valencia, FICA, Racing Club Haïtien, AS Capoise, Victory) epi 4 manb komite a (Julio Cadet, Frantz Calixte, Mackenzie Roger, Guston Jean-Louis) ki te chwazi kite pòs yo, 2 gwo egzijans te fèt : avèk yon total de 13 vòt, ekip yo te mete yo dakò pou senk (5) klèb sa yo retounen jwe chanpyona nasyonal D1 an nan lane 2015 epi pou yo ta ranplase 4 manb yo pa lòt nouvo moun.
Youn nan pwen enpotan petèt tout moun panse ki tap pale, se te afè atik 35-k lan ki bay federasyon an dwa pou li chwazi, retire, oubyen mete ekip li vle nan premye, dezyèm ou twazymè divizyon yo, pat repete menm nan pwogram ki te genyen pou kongrè sa, kidonk tout klèb ki te la yo mete yo dakò pou yon lòt fwa ke atik sa gen plas li nan lwa federasyon an, malgre gwo pwoblèm atik sa bay.
Jan atik 22 stati federasyon an mande l la eleksyon pou jwenn 20 klèb yo pou vote nan eleksyon 2016 la : 8 nan premye divizyon , 4 nan dezyèm divizyon, 4 nan foutbòl fanm e 4 responsab lig kominal yo te fèt e avèk eleksyon sa : Aigle Noir, Racing Gonayiv, Racine, Petit-Goâve FC, AS Mirebalais, Don Bosco, Cavaly, America FC ap vote pou D1, Inter Gran Gwav, Ynion Site Soley, Juventus, Roulado FC ap vote pou D2, AS Tigresses, Essentiel, Anacaona, Valentina ap vote pou foutbol fanm epi 4 kad teknik yo kap reprezante D3 a se : Ernst Datus (anba plato santral), Jean Claude Josaphat (Plato santral), Fleurimat Jean-Robert (Nip), Anéas Jean Romel (lwès).
Rete kounya pou nou konnen kilè ap gen enskripsyon pou moun ki ta vle vin dirije federasyon sa epi tou si senk klèb yo ap asepte tounen vin jwe chanpyona D1 an jan kongrè a te mande l la.