Home Foot- D1: Tempête krabinen Aigle Noir (3-1) avèk yon gòl de Babalito

Foot- D1: Tempête krabinen Aigle Noir (3-1) avèk yon gòl de Babalito

par Gary Eliézer

Par Gary Eliezer

Ekip Tempête FC a jwenn longè Aigle Noir nan stad Sylvio Cator jounen madi a (3-1) nan okazyon 6e joune chanpyona ayisyen foutbòl profesyonèl la, avèk yon gòl de atakan vedèt li ki se Woodensky Marlet Cherenfant aka Babalito ki profite pou li fè 4e gòl li pou sezon an.

Babalito

Babalito

3 gòl Tempete yo te arive make pa Eliphène Cadet, Babalito epi Herold Junior Charles; gòl Aigle Noir se Kendy Junior Saul ki fè li.

2e avan joune sa ak 10 pwen, ekip Tempete la vire bagay yo avèk viktwa sa ki pèmèt li vin pran tèt chanpyona ak kounya ak 13 pwen devan America ( 11) ki te fè match nil (2-2) dimanch sou tèren AS Mirebalais epi Petit Goave FC (10) ki poko jwe joune sa.

Ak 4 gòl, Babalito, Judson Elisca (America des Cayes) epi Benchy  Estama (Don Bosco) pran tèt klasman pi bon bitè chanpyona devan Geel Pierre ak 3 gòl.

Laisser un commentaire