escapeyourselflyon.fr
greenrecoverytracker.org
learnathome.ru
mabaiedesomme.fr
markonelimousines.co.uk
Home MagazineAn KreyòlKens Germain eksplike nou absans li nan America des Cayes

Kens Germain eksplike nou absans li nan America des Cayes

par Haiti-Tempo

Nan yon entèvyou li akòde haititempo.com, vedèt America des Cayes la Kens Germain eksplike nou rezon ki lakoz absans li nan klèb la, entansyon l pou l rejwenn klèb la nan tan k’ap vini la, ak kèk lòt detay ankò.

HT- Kens, depi aprè match America – Tempète la nou pa remake ou nan efektif ekip la ankò kisa ki koz absans sa?kens 2

KG- Anyen, mwen te vle fè yon lòt eksperyans pandan moman sa, mwen retrouve’m an Repiblik Dominikèn.

HT- Eske kontra ou fini ak America?

KG- Non, kontra’m ap fini nan 2 zan ankò.

HT – Ou an Repiblik Dominikèn pou yon lòt eksperyans, kisa ou tire kòm leson de eksperyans sa?

KG- Mwen redekouvri ke se tout kote mwen ka dekouvri talan’m, paske gen moun se yon sèl kote ke yo ka fè ouvri kò yo.

HT- Pueblo Arriba se yon klèb premye divizyon ki te prete’w nan men America, di pou piblik la nan ki konpetisyon ou soti pandan absans ou nan efektif America a?

KG- Bon mwen sot jwe yon tounwa ki rele ” Koup Endepandans ” avèk yon klèb premye divizyon “Pueblo Arriba” kote mwen jwe 3 match mwen fè 3 gòl. Nou ranpòte tounwa a.

HT- Konpetisyon an fini èske Kens tou an vakans, ki objektif ou pou rès ane a America nan Super 8?

KG- Non nou pa an vakans, m’ap vin ede yo.

HT- koman w konprann defèt America des Cayes devan Don Bosco nan kad  final “Champion des Champions” an?Kens3

KG- America se yon gro ekip menm jan ak Don Bosco, lè ekip sa yo ap jwe nenpòt kapab bat, sa pral depann de sa la nati vle bat la.

HT- Ki rekonpans klèb ou sot chanpyon an ba’w ki diferan de America ?

KG- Pa gen diferans se toujou menm respè a.

HT- Ou satisfè de tan sa a ou pase ak klèb la?

KG- Anpil, anpil, anpil.

HT- Eske se ou menm sèl kòm Ayisyen ki te nan ekip sa a?

KG- Non, te gen Boni Pierre ki te prezan tou.

HT- Kilè w’ap rantre Ayiti?

KG- Mwen panse map Ayiti mèkredi.

HT- Yon mesaj pou tout fanatik America!

KG- Map vin ba yo menm plezi a e menm plis ankò.

 

Reyalize pa Alix Seme pou haititempo.com

À lire aussi

Laisser un commentaire

olimpiamatera.it
openhours.hr
rlifiles.com
trinifoundation.org
wolverhamptonparks.co.uk