Haititempo.com te gen chans pale ak Kervens Belfort, youn nan atakan seleksyon nasyonal la, sou yon atis l’ap sipòte, sou kritik li resevwa, ak sou Marc Collat. Nou envite’w swiv entèvyou a.
HT: Kòman ou ye Belfort? Kòman w’ap boule depi aprè match kont Jamayik nan stad la?
KB: Mwen anfòm n’ap frape rèd poun tann gwo randevou le 8 janvye a [Haïti vs. Trinidad pou dènye plas nan Copa America 2016 la].
HT: Eske ou Ayiti nan moman sa a?
KB: Mwen New York, m’ap retounen Ayiti 15 desanm pou preparasyon match kont Trinidad la.
HT: Kervens, anpil moun kritike’w paske w toujou sou Facebook, ki repons ou gen pou moun sa yo?
KB: Facebook se sèl mwayen ki konekte m ak peyi’m ak zanmi’m, se la mwen pase strès mwen, se la m konn tout sa k’ap pase nan peyi’m apre yon antrenman, se la mwen defoule’m ak zanmi’m, fanmi’m, elatriye.
HT: Pou moun ki zanmi w sou Facebook yo, yo ka remake ke wap sipòte yon atis. Pale nou de atis sa a e di nou ki sa li reprezante pou ou?
KB: Mwen renmen David Dely, li avèg depi a 3 zan. Li konn chante anpil epi li pakonn vizaj manman’l, ni papa’l, ni frè’l, ni sè’l, menm pròp vizaj pa’l li pa konnen. Li pa konn lèl jou, li pa konn nan nwit. Yon sèl kado l’ap tann vote’l poul champion. Voye minit nan 48608539/ 37686461.
HT: Pou moun ki pa konnen, di nou nan ki konkou Dely ap patisipe?
KB: Li nan Digicel Stars.
HT: Nou te kontan pale avek ou, avan w ale èske’w ka di 2 mo sou depa Marc Collat nan tèt seleksyon nasyonal la?
KB: M paka di twòp sèl sa’m konnen Marc Collat rete yon coach m bay anpil respè paske lite fè’m anpil konfyans, ma’p toujou fèl konfyans paske li se yon gwo coach.
—
Reyalize pa Benson Petit-Clair pou haititempo.com