Ekri pa Benson Petit-Clair
An 2013, Grenadye yo fè 2 gwo eksplwa sou teren foutbòl san yo pat arive bat youn nan match yo. Premyeman, Ayiti pèdi 2-1 devan Espay ki tap prepare Koup Konfederasyon, e touswit aprè, seleksyon an fè yon match nil spektakilè (2-2) kont Itali ki t’ap prepare pou menm konpetisyon an nan peyi Brezil. 2 Peyi sa yo se 2 Chanpyon mondyal nan kesyon foutbòl, e nan period sa a, Espay te nan tèt klasman mondyal la. Donk tout moun te panse ke yo tap vin imilye Ayiti, gen moun ki te menm di Ayiti pa’t merite onè sa a pou yo ap jwe ak gwo peyi sa yo. Men Ayiti te kanpe byen solid devan yo e Grenadye yo te arive metrize yo. 15 mwa apre match kont Espay la, Ayiti retounen nan lakou Florid pou jwe ak Chili nan kad yon match chofe jarèt. Match la fini 1-0 an favè chilyen yo swit ak yon gol de Juan Delgado nan 20èm minit rankont lan. Ayiti pèdi match la men èske nou pa ta dwe met match sa a nan menm nivo ke nou te met match Espay la?
Se vre, Chili pa yon ansyen chanpyon mondyal menm jan ak Espay ak Itali, men rezilta match sa a ta dwe nan menm nivo ak match Espay ak Itali yo an tèm de satisfaksyon. Li enpòtan pou’n soulinye ke Chili fèk fin fe yon pakou ekstra-odinè nan mondyal la, Brezil elimine Chili nan konpetisyon an men se apre pwolongayon ak Seyans penalite. Avan sa, Chili te bat Australi 3-1, e li arive ba’t Espay 2-0 kote yo te tou elimine Espay nan mondyal la. Kidonk, Chili pa yon chanpyon nan mondyal, men li elimine chanpyon an tit la nan konpesyon an, yon chanpyon an tit Ayiti te pedi davan l 2-1 nan Miami. Answit, 9 sou 11 jwe Chilyen ki te titilè pandan mondyal la te prezan nan match kont Ayiti a. Ayiti t’ap jwe ak bon Chili a malgre nou pa inyore absans Arturo Vidal ki reprezante yon gwo pyès anndan ekip sila a. Ayiti tou t’ap jwe san Jeff Louis, san Pierre Jean Jacques; nou ka di 2 jwe kle pou seleksyon an. Aktyèlman Seleksyon national la klase an 117èm pozisyon nan klasman mondyal la pandan ke Chilyen yo an remonte an 12èm pozisyon depi aprè bèl prestasyon yo te bay nan mondyal la.
Si yon moun te rate premye mitan match la e gade 2èm mitan an sèlman, franchman ou te ka panse se Ayiti ki an 12èm pozisyon nan echèl mondyal la, donk grenadye nou yo mande ankourajman pou match sa a malgre yo pat arive skore menm jan yo te fè sa devan Espay ak Itali. Moun ki t’ap gad match la ap dakò ke rezilta a te ka pi favorab pou Ayiti si pat gen kèk erè abitraj.
Pou fini, ni match kont Espay la, ni match kont Itali a, ni match kont Chili a te fèt nan kad match amikal men nou jwe ak yon ekip Chilyen k’ap pran yon momantòm serye nan foutbòl la mondyal la, pandan Espay ak Itali sou yon pant kote se desann yap desann, ironikman nan 3 ekip sa yo se sèl Chili ki te pase faz poul yo nan dènye mondyal la. Depi Jorge Sampaoli pran tèt ekip Chili a nan fen 2012, li fè 10 viktwa sou 15 match e 3 match nil ak sèlman 2 defèt. Grenadye nou yo ka aprann anpil bagay devan yon advèsè de fòs tankou Chili. Apre rezilta sa a, lòt ekip nan rejyon an kap prepare Kopa Amerika yo ou lòt konpetisyon ta dwe konsidere jwe ak Ayiti paske nou gen anpil foutbòl lakay nou pou nou ofri mond lan.