Ekri pa Alix Seme
Depi mwa janvye 2014, Marc Collat se antrenè seleksyon nasyonal la, Deklarasyon li te fè lè li tap pran Ayiti kòm antrenè, se te fè yon seleksyon avek jwè profesyonèl, fransè a te pran seleksyon an nan yon faz difisil kote ke kèlke klèb gen problèm ak Federasyon Ayisyèn foutbòl la (FHF) epi gen jwè ki gen problèm ak klèb yo tou, Jwenn anpil diskisyon kote foutbòl lokal la te pran anpil tan pou li te kòmanse.
FHF ki chanje slogan kote li di ke li ap pase nan faz profesyonèl, ki donk chanpyona a jwe ak 11 ekip, èske 11 ekip sa yo vin profesyonel vrèman? Repons lan Marc Collat bay li pandan 2 fwa nan lis li met deyò yo pou jwe match amikal yo , kont Kosovo an mas ki te fini (0- 0), epi kont Chili la pou 9 septanb kap vini la, okenn jwe lokal pa nan lis yo.
Ayiti gen anpil talan nan spò yo rele foutbòl la, men nou pa gen profesyonèl, remake gen anpil chanpyona vakans ki jwe chak ane nan tout peyi a men an reyalite yo pa nan yon foma nòmal poum pa di yo san objektif e anpil jwè ki ap jwe nan chanpyona pwofesyonel la ap jwe nan chanpyona vakans yo. Anpil Ayisyen ki konn jwe foutbòl men ki pa fèt nan peyi a fè anpil demach pou yo ta jwe nan peyi kote yo fet la men ki pa gen posibilite a, koz yo gen lyen parantal Ayisyen, yo fe chwa jwe pou Ayiti, ki donk dirijan nou yo neglije oubyen foutbòl Ayiti a pap janm profesyonel.
Ann Pale de ” Emmanuel Sarki ” ki se yon Nijeryen k’ap jwe nan menm klèb ak Donald Geurrier ki te fè seleksyon U-20 Nijerya e ki pral pote mayo seleksyon Ayiti a, kisa Sarki konnen de Ayiti spesyalman de foutbòl Ayiti a? Yo di souvan manman chen pa janm mòde pitit li rive nan zo, men si Sarki te gen nivo se pa pou Ayiti li ta pral jwe. Finalman eske pandan tout peryod Marc Collat ap nan tèt seleksyon an, jwè lokal yo pap ka la ?
E bien se konsa wi , le w met lakay w ou pa mete lod ladan, neg deyo mete lod pou w mon ami, nou pa gen tete ansann tou jounen nap batay kont yon sel moun, nou pa travay ansann konye a nou oblije ,se lot moun kap di nou pa gen jwer pou nou jwe.