Ekri pa Alix Seme
Real Madrid ak FC Barcelone se 2 ekip nan chanpyona Espay la ki bay plis jwè nan seleksyon Espanyòl la, depi nan lane 2008 yo rete nan tèt foutbòl mond lan epi poutan anpil gwo jwè tankou Zlatan, Robben, Yaya Toure fè plis siksè lè yo kite Liga a ke lè yo te ladan li.
Pou sezon ki sòt pase a la, Angel Di maria te jwe nan Real Madrid, se te yon pyès enpòtan, nou te ka di menm se te yon Anj pou Real nan kèk moman enpòtan poutan li kite Real. Espanyòl yo souvan kapitèn nan klèb yo tankou : Iker Casillas ke foutbòl li dèyè do li poutan kapitèn Real, Iniesta ki ap pran laj poutan kapitèn Barcelone.
Wi se vre Politik la se bay sak lakay enpòtans men èske Sergio Busquets konn jwe foutbòl pase Yaya Toure si nou ap pale de teknik, vitès, nan tèt, kontwole balon, nan chout. Robben se youn nan pi bon elye dwat nan mond lan , Zlatan se youn nan atakan ki trè bon sou 5 atakan nan mond lan, tout te pase a kote nan Liga.