Premye jounen an te bon anpil pou medam yo. Malgre tout difikilite, yo pran 3 pwen an sou Guatemala. Apre sa, yo te gen chans gade USA ki bat Trinidad 1-0. Rezilta sa a bon pou Ayiti paske USA pa bay anpil gòl e sikolojikman medam yo aprann ke ka jwe tak pou tak ak USA. Pou kounye a, ni Ayiti ni USA nan tèt klasman gwoup la ak 3 pwen chak, men USA pa gen avantaj gol sou Ayiti malgre Ayiti te jwe match pal la ak 10 kont 11, e menm 9 kont 11 pandan moman blesi yo.
Si gen yon bagay ke nou aprann de seleksyon medam yo, se ke yo ka remoute nenpòt difikilte gras ak pèseverans yo e deteminasyon yo.
Ayiti gen kontwòl desten li nan men li, chans pou nou, se nan dènye match la n’ap jwe kont USA. Si nou bat Trinidad vandredi, n’ap tou kalifye pou semi final, match USA a ka pa gen twop enpòtans, sin dekwoche kalifikasyon an fas a Trinidad.
An gwo, se te yon bèl jounen pou medam nou yo, sèl enkyetid nou genyen, yo ka twò fatige kont Trinidad paske yo te depanse anpil enèji jodi a kont Guatemala paske match la te fizik anpil.
Grenadye Alaso, sa ki mouri zafè a yo. #Canada2015 la posib.
Benson Petit-Clair/Haititempo