Ekri pa Benson Petit-Clair
21 fevrier 2016 se dat komite kap òganize Copa America Centenario a chwazi pou fè tiraj osò konpetisyon an. Avan tiraj la, òganizatè yo te deja revele fòma konpetisyon an kote 16 ekip k’ap patisipe yo pral regwoupe yo an 4 gwoup de 4 pou premye faz la. Nan optik sa a, òganizatè yo chwazi 4 tèt de seri sa yo: USA pou gwoup A; Brezil pou gwoup B; Meksik pou gwoup C; Ajantin pou gwoup D. Aprè plizyè refleksyon, haititempo.com ap prezante nou 10 avantaj pou Ayiti si nou tonbe nan menm poul ak Brezil.
1. Brezil ap jwe nan 2 vil ki gen anpil Ayisyen. Gwoup Brezil la pwograme pou jwe nan vil Pasadena, California; Orlando, Florida; ak Boston, Massachusetts. Si vil Pasadena pa gen twòp ayisyen, Orlando ak Boston chaje ak Ayisyen. An plis, 2 vil sa yo kole ak lòt zòn ki gen anpil Ayisyen ki ap vin chofe Grenadye yo. Dènye fwa Grenadye yo te jwe Boston se te yon match kont USA pandan Gold Cup 2015 lan, e se nan match sa a Grenadye yo te gen plis sipò piblik la. Boston chaje ak Brezilyen tou, donk yon Ayiti-Brezil nan vil Boston ap fè tou 2 nasyon yo plezi e òganizatè konpetisyon an pap regrèt si yo mete 2 peyi sa yo jwe swa Boston ou Orlando, ki chaje ak ni Ayisyen ni Brezilyen menm jan ak Boston.
2. Brezil se sèl peyi nan mond lan ki chanpyon 5 fwa nan mondyal FIFA a. Tout moun dakò ke Copa America 2016 la pral bay Ayiti yon gwo vizibilite nan foutbòl mondyal la, men si’n jwenn vizibilite a fòk nou explwate’l. Donk yon viktwa sou peyi ki gen plis tit mondyal nan zafè foutbòl se ap youn nan meyè fason pou’n explwate vizibilite sa a Copa a ofri nou an.
3. Brezil se peyi ki gen plis fanatik an Ayiti nan zafè foutbòl. Se pa yon sekrè pou pèsòn pami tout nasyon k’ap jwe foutbòl sou planèt tè a, Brezil se peyi ki gen plis fanatik an Ayiti. Yon match Brezil toujou kreye gwo sansasyon ak anpil pasyon nan mitan Ayisyen. Yon match Brezil-Ayiti nan yon konpetisyon istorik konsa pral kreye plis sansasyon.
4. 2016 pa 2004. 18 out 2004, seleksyon Brezil la, ki te sot ranpòte 5èm tit mondyal li, rantre an Ayiti li imilye nou nan kad yon match pou la pè ki t’ap fèt nan stad Sylvio Cator. Match sa a te fini 6-0 an favè Brezilyen yo, men pi gwo imilyasyon nou se fanatik ki te fè deplasman yo ki tap chofe vedèt tankou Ronaldo, Ronaldinho, Roberto Carlos, Julio Cesar, Juninho, Gilberto Silva ak rès Brezilyen yo. Se te yon wont nasyonal, men nou ka konprann fanatik yo ki t’ap admire ak 2 je yo seleksyon 5 etwal la ke yo abitye gade nan tele. Si Ayiti kwaze ak Brezil nan Copa America 2016 la, nou ka garanti ke fwa sa a farin nan pap vin nan menm sak. Ki donk, Ayisyen pral chofe Grenadye yo tèt dwat. Menm si Neymar ak akolik li yo ta fè gòl nan match la, Ayisyen pral kanpe rèd fwa sa a dèyè seleksyon an kontrèman ak 2004.
5. Pou Ayisyen k’ap viv Brezil yo. Apre Etazini, Brezil se 2èm peyi nan konpetisyon an ki gen plis Ayisyen k’ap viv ladan.Yon bon match devan Brezil ap bay kominote Ayisyèn Brezil la anpil satisfaksyon ak kè kontan. Yon viktwa ap fè fyète Ayisten sa yo kap travay di nan peyi Brezil, sitou sila yo ki resevwa anpil move tretman lòtbò a.
6. Yon bon match kont Brezil ap ede jèn foutbolè Ayisyen ki Brezil yo. Kòm sa mansyone deja, yon viktwa kont Brezil ap ba nou anpil vizibilite, sa ka ede Grenadye yo jwenn pi bon kontra. Konsa tou, sa pral ouvri pòt pou jèn foutbolè Ayisyen yo. Genyen yon ekip jèn foutbolè Ayisyen kap evolye nan peyi Brezil nan kad pwojè Viva Rio a, jèn sa yo pral gen plis enpòtans devan Brezilyen yo si nou arive mete do Brezil atè nan konpetisyon an. Sa ka menm ede yo dekwoche yon kontra ak yon klèb premye divizyon peyi Brezil si tout fwa y’ap byen pèfòme.
7. Yon viktwa sou Brezil ap ede FHF jwenn plis match amikal. Tou dènyeman haititempo.com te pibliye yon atik sou enkapasite FHF pou jwenn match amikal pou Grenadye yo. Selon atik la, soti Janvye 2014 pou rive jounen jodi a, Grenadye yo jwe 3 match amikal sèlman. Yon viktwa sou Brezil pandan Copa a ap pèmèt lòt peyi yo konsidere nou plis lè y’ap chache advèsè pou match zanmitay.
8. Ouvèti pou foutbòl lokal la. Si yon viktwa sou Brezil ka pèmèt Grenadye nou yo dekwoche pi bon kontra, sa ap afekte foutbòl la tou sou plan lokal. Plis Ayisyen ak etranje ap bay foutbòl lokal la plis valè. Donk sa ap motive jwè lokal yo plis pou yo ka fè seleksyon e dekwoche kontra tou.
9. Efase desepsyon 2015 lan. Desepsyon nou te pran nan stad la an 2004 devan seleksyon Brezil la prèske pa reprezante anyen devan imilyasyon nou pran jou ki te 12 oktòb 2015 la kote seleksyon U-23 Brezil la te bat Seleksyon nasyonal nou an 5-1 nan kad yon match amikal. Twa jou avan match sa a, Grenadye yo te bat Salvador 3-1, yon viktwa ki te met anpil lajwa nan kè tout Ayisyen paske nou te pase 8 lane depi nou pat bat Salvador. Aprè kè kontan sa a, Grenadye yo te blese anpil Ayisyen pou fason seleksyon U23 Brezil la te domine yo. Match sa a te fè majorite Ayisyen vin rayi Steward Céus, ironikman Céus tap pral repare move pèfomans sa a nan match kont Trinidad la ki ba nou kalifikasyon pou Copa America 2016 la. Kounye a yon match kont Brezil ap bay tout seleksyon an chans pou repare imilyasyon nou te pran nan men ekip U23 yo a.
10. Brezil ou Ajantin? Tounwa a gen 4 tèt de seri, 2 nan CONCACAF: USA ak Meksik; 2 nan CONMEBOL: Brezil ak Ajantin. Ayiti nan CONCACAF donk nou ka toujou kwaze ak Meksik a USA. Men Brezil ak Ajantin se pa ekip n’ap jwenn fasil, men pou 9 lot rezon nou site yo, gwoup Brezil la ap ofri Ayiti plis avantaj malgre Ajantin genyen Messi, ki se meyè jwè nan mond lan.