Haititempo.com chita pale ak Jonel Desire sou chwa li fè pou jwe sezon sa a pou ASC apre li te deja fin siyen ak Aigle Noir. Selon jèn atakan Ayisyen an, se paske paran li pa’t dakò pou’l al viv nan kapital la se rezon sa a ki lakoz li chwazi al jwe pou ASC. Vedèt seleksyon U20 an pote yon demanti fomèl sou enfòmasyon ki fè konnen li te deja pran lajan nan men Aigle Noir avan li ale jwenn ASC. Pi lwen nan entèvyou a, Jonel revele l’ap gen pou’l al jwe pou America nan kad tou preliminè CONCACAF la k’ap gen pou fèt nan peyi vwazen nan mwa k’ap vini an.
Nou envite’w swiv entèvyou sila a.
HT: Jonel, pou sezon 2016 la nan ki ekip w’ap jwe?
JD: Bon avan m kòmanse m’ap salye tout moun atravè mond la, tout fanatik Tempo yo, pou sezon 2016 la m’ap jwe pou ASC pandan sezon 2016 la. Mwen siyen ak ASC pou 3 zan.
HT: Men dimanch pase ou pa’t jwe, poukisa?
JD: Te gen yon dosye antre ASM ak ASC ki ta’p fini rezoud se sa’k te lakoz mwen pa’t prezan.
Eske finalman 2 ekip yo jwenn yon antant?
JD: Wi, m ka di a 90%. Gen prezidan ASC a nou toujou pale, li di’m wi y’ap rive jwenn on antant epi dimanch mwen ap prezan fas Roulado.
HT: Pouki se ASC ou chwazi pami tout ekip ki t’ap koutize’w yo?
JD: Bon pou chwa ASC an m panse rezon sa pesonèl a mwen menm, men pou’m vini nan kesyon an mwen chwazi yon kote m’ap enpoze mwen e map alèz e mwen panse se youn nan kote foutbolè gen plis disiplin se Okap sitou nan ASC. Epi respè pou jwè yo tou bò kote dirijan yo. Mwen pou’m byen diw lè mwen fè chwa de yon ekip m pa selman baze sou lajan ekip la, mwen baze sou respè dirijan yo avèk jwè yo et disiplin ki genyen anndan gwoup la e se yon bagay tout moun konnen, si yon ekip pa gen disiplin deyò teren e anndan ekip sa pap bouje pou devan se bak l’ap fè sèlman epi mwen m pa vle bak la se avan mwen vle paske mwen renmen lè ekip mwen ap fè viktwa.
HT: Eske Jonel Désiré te siyen e pran lajan nan men Aigle Noir epi ale siyen ak ASC aprè sa?
JD: Bon wi, mwen te siyen avèk Aigle Noir pou yon sezon men aprè paran mwen pat dakò chwa a epi yo pa’t okouran lè yo vin tande se chwa Pòtoprens mwen fè yo pa’t dakò pou mwen viv nan kapital la. Sitou gen de moun apre desizyon m pran pou’m kite ASM nan yo tout konnen mwen pral nan Aigle Noir ki gentan ap swete vye bagay pou mwen, kounye a lè moun lakay mwen vini tande sa yo vini plis ap banm problem pou’m pa jwe Pòtoprens. Mwen vin fe yon lòt chwa de Okap epi yo vin dakò men mwen pa’t pran lajan nan men dirijan Aigle Noir. An pasan tout moun ki pwòch mwen konnen amitye mwen ak Jerome Velfert ( coach Aigle Noir a), yo konnen ke mwen ak Jerome se pitit ak papa, mwen te vin gen yon ti problèm mwen rele Jerome mwen eksplike li pwoblèm nan, mwen mande li prete yon lajan li di’m pa gen danje vini lakay li. Sèl mwen avèl ki te la epi li prete mwen kòb la, men li te gentan konnen mwen tap vini e se youn nan bagay ki banm problèm paske m te premye jwè Jerome te mande Aigle Noir pou’l genyen. Kounye a Jerome al eksplike dirijan Aigle Noir yo afè lajan li te prete’m nan paske sa te fèl mal, depi lè a kèk nan dirijan sa yo di ke’m pran kòb Aigle Noir. Epi gen radio nan kapital la tou m konnen ki pa renmen’m ki fè bagay la fè anpil eskandal . Map tou profite di mesye radio yo san mwen pa site non yo ke map toujou Jonel e ma’p toujou fe efò nou pap ka fèm fè bak.
HT: Ou di paran’w pa’t vle’w al viv Pòtoprens, eske sa vle di ou pap janm jwe pou ekip nan kapital la?
HT: Bon sa pral depan paske fòk nou konnen mwen jèn toujou gen desizyon mwen pa ka pran yo konsa. Men mwen pa di m pa’p jwe nan ekip Pòtoprens paske gen anpil bèl ekip nan kapital la.
HT: Kòman moun Okap resevwa’w?
JD: Tout bagay ok, bon akèy bò kote dirijan e bò kote jwè yo epi tout moun Okap byen resevwa’m.
HT: Ki objektif ou pou sezon 2016 la?
JD: Objektif mwen se ranpòte chanpyona nasyonal la avèk ASC epi pou’m briye plis pase ane ki pase deja yo, answit mwen vle pami jwè kap kalifye pou reprezante peyi a nan eliminatwa mondyal 2018 la ak Copa America epi jwenn biyè dezyèm faz CONCACAF avèk ekip Okay la, America.
HT: Donk w’ap jwe pou America pou CONCACAF la?
JD: Wi nou sipoze kite peyi a nan semèn kap vini la.
HT: Eske gen antant ant ASC ak America pou w al jwe CONCACAF la?
JD: Mwen ka di wi paske avan mwen te siyen mwen te di ke’m gen CONCACAF pou’m al jwe avèk America, se te premye paròl mwen ak ASC. Prezidan ASC a okouran de tout bagay.
HT: Tempo remèsye’w epi nou swete’w bòn chans!
JD: Mèsi, mwen remèsye Tempo pou sipò ke na’p pote nan spò a nan peyi a menm lè gen moun ki pap konprann.
—
Entèvyou reyalize pa Benson Petit-Clair