Ekri pa Benson Petit-Clair
Antrenè seleksyon feminen Amerikèn nan Jill Ellis devwale yè lendi a lis 20 jwèz li retni pou patisipe nan chanpyona CONCACAF fanm yo k’ap gen pou fèt soti 15 pou rive 26 oktòb nan 4 vil nan peyi Etazini.
Nan tounwa sa a, k’ap gen patisipasyon 8 peyi ki divize an 2 gwoup, 2 premye ekip nan chak gwoup yo ap kalifye pou faz semi final konpetisyon an. 2 peyi ki kalifye pou final yo ak ekip ki ranpòte match twazyèm plas la ap kalifye dirèkteman pou Mondyal 2015 feminen an k’ap òganize nan peyi Kanada. Peyi ki fini an katriyèm pozisyon an ap gen pou jwe 2 match baraj kont Ekwatè, ki fini nan twazyèm pozisyon nan Amerik di Sid, nan optik pou dekwoche dènye biyè pou mondyal medam yo.
Etazini, ki nan menm gwoup ak Ayiti, ap gen pou jwe kont Trinidad le 15 oktòb, Guatemala nan 17, avan ke yo klotire faz gwoup la kont Ayiti nan le 20 oktòb nan RFK Stadium nan Washington DC.
Nan lis 20 jwèz seleksyon Amerikèn nan, 11 nan yo chaje ak eksperyans nan etap kalifikasyon pou mondyal deja sitou pou atakan Abby Wambach ak milye Heather O’Reilly ki reprezante Etazini 3 fwa deja nan faz sa a. Defansè Christie Rampone ak milye Carli Lloyd patisipe nan 2 dènye kanpay eliminatwa Etazini pou mondyal medam yo.
Men lis la an detay:
Gadyen (2): Ashlyn Harris (Washington Spirit), Hope Solo (Seattle Reign FC)
Defansè (7): Crystal Dunn (Washington Spirit), Whitney Engen (Houston Dash), Meghan Klingenberg (Houston Dash), Ali Krieger (Washington Spirit), Kelley O’Hara (Sky Blue FC), Christie Rampone (Sky Blue FC), Becky Sauerbrunn (FC Kansas City)
Mitan Teren (6): Morgan Brian (Virginia), Tobin Heath (Portland Thorns FC), Lauren Holiday (FC Kansas City), Carli Lloyd (WNY Flash), Heather O’Reilly (Boston Breakers), Megan Rapinoe (Seattle Reign FC)
Atakan (5): Sydney Leroux (Seattle Reign FC), Alex Morgan (Portland Thorns FC), Christen Press (Chicago Red Stars), Amy Rodriguez (FC Kansas City), Abby Wambach (WNY Flash)
Jodi a, CONCACAF pral ofisyèlman anonse jwèz yo pou tout ekip yo kap patisipe nan konpetisyon an.
Kalandriye konpetisyon an: Ayiti tonbe nan poul USA, Trinidad ak Guatemala