Ekri pa Gary Eliézer
Mitan tèren Ayisyen an, Soni Mustivar k’ap jwe nan Sporting Kansas City, chanpyon avèk klèb sa ayè mèkredi a nan koup Etazini (open cup) lè ekip li bat Philadelphia Union nan final nan estad PPL Park in Chester, nan chout penalite (7-6) apre yon match dozado (1-1).
Sebastien Le Toux 23yem, sou yon pas de Vincent Nogueira te ouvè vàn nan pou Philadelphia Union avan Krisztian Nemeth sou yon pas de Graham Zusi te egalize pou patizan Soni Mustivar yo epi te mete match la (1-1).
Youn nan jwè ki pi enpòtan anndan ekip sa, nimewo 93 Sporting nan te ankò prezan nan 11 jwè ke Peter Vermes te mete kòmanse match la kont Philadelphia avan li te vin kite plas li nan 66yèm minit match la pou Quintilla e li pat gen chans patisipe nan chout penalite yo ki bay Kansas City koup la.
Sonje, Soni Mustivar te make youn nan 3 gòl Sporting Kansas City nan demi-final yo kont Real Salt Lake ki te pèmèt ekip li kalifye pou final sa.