Ekri pa Gary Eliézer
Mitan tèren Ayisyen an Sony Nordé ap rive nan vil Kokalta, peyi lnde demen dimanch 28 sektanm lan pou li kapab al kòmanse ak antrenman li ak nouvo klèb li Mohun Bagan pou sezon foutbòl ki pral kòmanse nan peyi sa.
Nordé ki te siyen nan ekip sa nan mwa jiyè ki te sòt pase la apre li te fin jwe yon bèl sezon nan peyi Bangladesh, ap ateri nan vil la nan avyon Jet Airways Flight Nimewo 9W 7105 avec fanmi li. Li ap rive nan Kokalta apre yon gwo vwayaj ki ap kòmanse avan an Ayiti pou Sendomeng epi Panama, Amsterdam epi New Delhi.
Raple nou ke Mohun Bagan se 6e klèb ke jwè ayisyen an pral jwe ladan li apre Boca Juniors (Argentine), San Luis e Estudiantes Altamira (Mexique), Sheikh Russel epi Sheikh Jamal (Bangladesh).