Se Gary Eliézer
Jwè entènasyonal ayisyen an Wilde-Donald Guerrier ki ap jwe nan peyi Polòy depi mwa out 2013, pwolonje kontra li jounen vandredi a pou 4 lane ankò avèk Wisla Cracovie, se sa nou jwenn sou sit ofisyèl ekip sa.
Donald Guerrier ki te gen yon kontra yon (1) lane ki te ap fini 30 jen ki ap vini la, resiyen avèk klèb sa pou jis 30 jen 2018 avèk yon lòt plan kote li kapab pwolonje toujou aprè dat kontra sa ta fini.
Depi rive li nan klèb sa, ansyen jwè Amerika a pa janm sispann enpresyone diranjan ak fanatik ekip sa, kote pou 26 match li jwe deja, li gentan make 6 gòl epi fè 3 pas gòl pou yon tan de 1730 minit ke li pase sou tèren.
Donald Guerrier se jwè ki prèske pa gen plas nan ekip Wisla cracovie a, dèfwa yo itilize li tankou yon elye dwat, dèfwa a goch oubyen tou li konn jwe nan plas li te kòmanse isit an Ayiti sa vle di lateral goch.
Fèt an Ayiti (Pò a Miman) 31 mas 1989, Donald Guerrier te kòmanse karyè foutbòl li nan Amerika avan li te al fè yon ti kout pye nan Vyolèt, men aprè ekip sa te fin desann nan 2zyèm divizyon li te retounen nan Amerika, e se la li te rete jiska mwa Out 2013.
Li gentan jwe 16 match pou seleksyon nasyonal la deja kote li make 2 gòl, se te jwè ki te ranpòte prim pi bèl gòl ACHAPS te bay pou ane 2013 la, gras a grenn gòl li te fè kont peyi Lespay nan yon amikal.