Ekri pa Gary Eliézer
Seleksyon nasyonal Ayisyèn nan genyen yon plas nan nouvo klasman FIFA ki sòti pou mwa mas la ki parèt jounen jedi sa. Grenadye yo kite 65yèm pou yo pase nan 64yèm plas la.
Seleksyon sila ki toujou poko jwe pyès match amikal depi gro viktwa li te fè kont Trinidad & Tobago nan jou ki te 8 janvye 2016 la ki te pèmèt li pran 14 plas nan klasman mwa fevriye a, moute yon lòt mach avèk 517 pwen menm jan ak Emira Arab Ini epi Belaris, kote yo pataje 64yèm pozisyon sa ansanm.
Nan zòn Konkakaf la, Meksik, Etazini epi Kosta Rika rete 3 pi gro toro ki genyen, dèyè yo, nou jwenn 2 peyi karayib ki se Trinidad (4e) epi Jamayik (5e).
Panama, ke Grenadye yo ap gen pou yo jwe kont li nan dat 25 epi 29 mas nan eliminatwa mondyal FIFA 2018 yo, trouve li nan 55yèm plas la e 6yèm nan zòn KONKAKAF la devan Ayiti ki 7yèm. Se Kanada, Ondiras ak Antigwa ki se 3 lot ekip yo ki klase youn dèyè lòt 8yèm, 9yèm, 10yèm pozisyon nan zòn nan.
Prochen klasman an ap sòti nan dat 7 avril.