Home BlogsKlasman FIFA : Ayiti rete nan 79yem plas la

Klasman FIFA : Ayiti rete nan 79yem plas la

par Gary Eliézer

Ekri pa Gary Eliézer

79yèm nan klasman mwa avril la, Ayiti pa bouje nan klasman FIFA ki sòti pou jounen jodi jedi 7 me a, seleksyon an toujou rete nan menm plas la ak 442 pwen epi 8yèm nan zòn Konkakaf la.

Jan nou te kapab atann sa, pa gen gwo chanjman nan ki fèt nan klasman FIFA, prèske tout ekip rete nan plas yo te okipe a paske pat gen jounen entèsyonal match FIFA pou mwa avril la, top 10 mondyal la tankou top 10 konkakaf la rete menm jan an.

Ekip ki fè pi gwo progresyon an se Suriname ki pran 14 plas poutan Mauritanie fè pi move regresyon an lè li pèdi 9 plas.

10 pi bon yo :

1-Allemagne1687 pts
2- Argentine1494 pts
3- Belgique1457 pts
4- Colombie1412 pts
5- Brésil1372 pts
6- Pays Bas1301 pts
7- Portugal1221 pts
8- Uruguay1176 pts
9- Suisse1135 pts
10- Espagne1132 pts

10 pi bon yo nan KONKAKAF la :

1-Costa Rica1016 pts
2- Mexique908 pts
3- USA825 pts
4- Panama587 pts
5- Trinite-et-Tobago519 pts
6- Jamaïque466 pts
7- Honduras453 pts
8- Haiti442 pts
9- Salvador388 pts
10- Guatemala371 pts

 

À lire aussi

Laisser un commentaire