Home Koup Karayib 2014: pwogram pou jounen madi 11 novanm 2014

Koup Karayib 2014: pwogram pou jounen madi 11 novanm 2014

par Haiti-Tempo

Ekri pa Benson Petit-Clair

Edisyon 2014 koup Karayib la ap demare jodi madi a nan Montego Bay Sports Complex nan vil Montego Bay nan peyi Jamayik. Pou ouvèti konpetisyon an, Kiraso ap jwe kont Trinidad e answit Kiba ap fè fas kare ak Giyàn. Grenadye nou yo ap rantre nan batay la demen mekrèdi a kont Antigua ak Barbuda a 5è 30 pm epi kont Matinik nan vandredi avan yo fini faz poul la kont Jamayik nan dimanch 16 Novanm.2014_Caribbean_Cup

N’ap raple ke konpetisyon sa a gen patisipasyon 8 peyi nan rejyon an ki regwoupe an 2 gwoup e kat meyè ekip  yo ap tou kalifye pou Gold Cup  CONCACAF 2015 la otomatikman pandan peyi ki fini an senkyèm pozisyon an pral jwe yon match faz eliminatwa kont Ondiras ki te fini an senkyèm plas nan Koup Centroamericana 2014 la.

Men Pwogram nan pou jodi a:

Mardi 11 novanm 2014

Kiraso v Trinidad ak Tobago, 5:30 p.m.

Kiba v Giyàn, 8:00 p.m.

Laisser un commentaire