Apre yon premye jounen san viktwa nan gwoup B a, Ayiti bat Matinik 3-0 answit Jamayik bat Antiga 3-0 nan dezyèm jounen a nan kad Koup Karayib edisyon 2014 la. Kisa sa vle di?
Ayiti premye nan gwoup la ak 4 pwen, diferans +3;
Jamayik dezyèm ak 4 pwen, diferans+ 3 (men Ayiti bay 5 gòl, Jamayik bay 4)
Si ayiti bat Jamayik dimanch nan twazyèm e dènye jounen an, li pral nan final ak premye nan gwoup A a, si li fè match nil, l’ap toujou ale nan final.
Si li ta pèdi, li ka al jwe 3èm plas men sa pral depan de rezilta match nou an, e rezilta match Antiga vs Matinik la.
Ekip nou an sou yon bon chemen, destine nou t’ap plis asire si nou te bat Antiga nan premye jounen an, men nou gen anpil rezon pou nou rete optimis.
Si nou al nan final ou ti final, n’ap kalifye otomatikman pou CONCACAF Gold Cup 2015 la.
Men si nou fini meyè 5èm, nou pral jwe baraj kont Ondiras pou dènye plas la nan Gold Cup la.
Alaso
Haiti-Tempo