Se Gary Eliézer
Pandan jou yo ap pwoche pou mondyal la kòmanse tout bon vre, anpil nan ekip yo ap pèdi gwo jwè yo genyen, se ka kolonbi ki pèdi pi gwo sipèsta li a ki se Radamel Falcao, Oland ki pèdi Van Der Vaart, lôt jwè tankou Franck Ribéry nan lafrans ak Cristiano Ronaldo gen gwo dout sou yo. Dènye nou site la te blese nan janb goch li depi avan final lig chanpyon an.
Pi bon jwè ane 2013 la, Cristiano Ronaldo ap bay anpil moun kè sote konsènan patisipasyon li nan mondyal la, yon blese ke li te genyen e te al fòse jwe sou li pou Real Madrid nan final lig chanpyon an, ta sanble blese sa ap met misye deyò pou mondyal la, men ta sanble blese sa a pat fin twò senp.
Gen yon gwo bòkò nan peyi Gana ki rele Nana Kwaku Bonsam ki fè konnen ke se li ki koz sipèsta pòtigè a te blese e rete blese jiskake li pa jwe match kont peyi li ki se Gana epi li menm pèsiste ke blese sa doktè pap ka geri li e de tanzantan li ap chanje faz, yon nouvèl ki ta parèt byen tonbe paske ankadreman teknik ekip Pôtigal la anonse jounen madi, ke pi bon bitè lig chanpyon an ane sa ap soufri nan jenou goch li tou.
Nan peyi nou ouswa nan zòn afrik la, ou menm nan tout rès mond lan, nou toujou tande pale de maji, gen kote li kout poud, kout zonbi, elatriye. Men èske sa yo gen gwo pouvwa sou foutbòl la? Konn gen jwè pa bò lakay ki blese epi pyès doktè paka wè sa yo genyen, e yo ap soufri yo paka jwe, menm si sa pa janm ko verifye, men sa parèt dwòl pou gwo doktè paka wè sa yon jwè genyen, èske se sa ki rive Cristiano Ronaldo la?
Fenomèn yo rele maji a se yon bagay ki la depi byen lontan, yo toujou asosye li ak tout fòs ki pi gwo pase pouvwa lèzôm ka fè sou yon lòt pou byen li ou pou mal, men li souvan se lè yon bagay mal pase nou tande pale de maji, si se yon bagay de byen ou mal, men poukisa moun ki ap pratike li yo pa souvan ou janm itilize byen an?
Foutbôl se yon jwèt teknik, kote se preparasyon ki fè yon moun oubyen yon ekip ka bay rezilta ladan li, si gen yon lôt fôs ki ka rann yon jwè paka bay rezilta, donk pa oblije gen preparasyon ankò, yon jwè tap nèke al pwoteje li pou kout maji pa antre sou li, konsa li tap jwe bon foutbòl.
Si bòkò sa jan li ta di a, se li ki ta fè Cristiano Ronaldo blese pou li pa jwe mondyal la, men poukisa li pa ta itilize pati ki byen nan maji a tou pou li te ka fè peyi li (Gana) chanpyon? Ebyen, kòm sa poko janm fèt, byen yo di nou ki genyen nan maji, se ta yon pawòl pou fè moun dòmi, oubyen maji pa ka rive nan foutbòl la tout bon vre.