Ekri pa Gary Eliézer
2 jou avan eleksyon ki gen pou fèt nan enstitisyon sa, gwo eskonbrit pete maten an nan la Swis kote Plizyè gwo otorite nan FIFA jwenn arestasyon yo jounen jodi mekredi a pou dwèt long, fè wout krochi ak lajan sou dènye 20 lanne ki sòt pase la. Jeffrey Webb, prezidan KONKAKAF la, se youn ladan yo ke la polis arete.

Pandan ke yo te reyini nan lotèl yo nan vil Zurich (Swis) avan 65e kongrè FIFA, lapolis FBI debake epi mete men nan pat kasav 7 nan 14 otorite yo akize pou zafè dwèt long sa, ke FBI tap mennen ankèt sou sa depi 3 zan.
Tout swit apre briganday sa, FIFA nan konferans pou laprès ki te gen Walter De Gregorio, ki se direktè komikasyon enstitisyon sa, di ke kongrè a ap fèt kanmenm vandredi kap vini la epi FIFA pap mete deyò moun yo arete yo sou baz yo anba kòd.
‘’FIFA se yon viktim e l’ap resevwa ak tout kè li ankèt sa. Prezidan an (Blatter) pa konsène. FIFA pap mete Otorite ki arete yo deyò sou baz yo anba kòd. 65yem kongrè a toujou ap fèt jan li te planifye a,’’ se sa Walter De Gregorio te fè konnen selon enfomasyon ke laprès entènasyonal rapòte.
Men non moun ke yo jwenn ki enplike nan zafè sa :
Jeffrey Webb (Zile Kayiman) : prezidan KONKAKAF
Eugenio Figueredo (Irigweyen): ansyen prezidan federasyon Irigwey de foutbòl epi KONMEBOL (1997-2006)
Jack Warner : Ansyen prezidan KONKAKAF epi ansyen prezidan an apre FIFA.
Eduardo Li : prezidan federasyon Kosta-Rika.
Julio Rocha : prezidan federasyon Nikaragwa
Costas Takkas : sekretè jeneral federasyon Zile Kayiman foutbòl
Rafael Esquivel : prezidan federasyon venezwela foutbòl
José Maria Marin: ansyen prezidan konfederasyon brezil foutbòl
Nicolás Leoz : ansyen prezidan Konmebol de 1986 a 2013.
Alejandro Burzaco, Aaron Davidson, Hugo Jinkis et Mariano Jinkis, José Margulies, enplike tou.