Mondyal la rive sou dezyèm jounen’l apre yon premye jounen an ki te gen yon sèl grenn match. Nan match sa a Brezil ranpote yon viktwa 3-1 sou Kwoati gras a Neymar ki enskri 2 gol pou peyi ognizatè a.
Jodi a gen 3 rankont ki pwograme e 2 nan yo se nan gwoup B a. Espay ak la Oland 2 ekip ki te fè final nan dènye mondial la, pral twoke kòn yo nan premye rankont gwoup sa a nan lide pou pran kontwòl gwoup la, answit Chili ak Ostrali pral batay pou yo wè si yo ka ranpòte yon viktwa pou kòmanse konpesyon an. 2 ekip sa yo pa genyen nivo gwo tenò nan zafè mondyal, men yo se 2 ekip ki ka bay nenpòt ekip nan mondyal la gwo pwoblem. Donk, sa rann gwoup B a konpetitif e enteresan anpil. Nou envite ou swiv yon repòtaj sou gwoup sa a.