Ekri pa Gary Eliézer
Hervé Bazile, Jwè Ayisyen an k’ap jwe nan Stade Malherbe Caen nan peyi lafrans nan bòl grès li pou jodia lè li wè jounal L’équipe gras a vòt moun ki vizite sit li a, ba li prim pi bèl gòl ki te make nan 25èm jounen Lig 1 an .
Avèk 45% vòt yo, Atakan ekip wouj e ble a genyen tit top5 pi bèl gòl la ke jounal la toujou fè apre chak jounen chanpyona, li pran douvan Oscar Trejo (38%) k’ap jwe nan Toulouse, Zlatan Ibrahimovic (10%) k ‘ap jwe nan PSG, Giovanni Sio (5%) k’ap jwe nan Bastia epi Ezequiel Lavezzi (PSG) ki fè sèlman 2%.
Jwè Ayisyen an te fè yon gòl koufran san parèy devan PSG nan fen match la samdi pase pou li te pèmèt ekip li rache match nil (2-2) kont chanpyon Frans yo ki tap mennen sou yo. Yon koufran ki te kite Sirigu tou dwat nan kan.
N’ap raple Ayisyen an se 4em pi bon bitè Caen pu sezon sa avèk 3 gòl ke li gentan fè.
Men estatistik Bazile nan Lig 1 an depi sezon an komanse:
jénéral | Lakay li | Le li deyò | |
Jwe : | 19 (11 fwa li komanse) | 8 | 11 |
Tan li pase sou teren : | 1110 min | 511 min | 599 min |
Gòl : | 3 | 0 | 3 |
Pousantaj gòl li fè nan ekip la : | 9% | 15% | |
Pas gòl : | 3 | 1 | 2 |
Katon Jòn : | 2 | 0 | 2 |