Ekri pa Gary Eliézer
79yèm nan klasman mwa avril la, Ayiti pa bouje nan klasman FIFA ki sòti pou jounen jodi jedi 7 me a, seleksyon an toujou rete nan menm plas la ak 442 pwen epi 8yèm nan zòn Konkakaf la.
Jan nou te kapab atann sa, pa gen gwo chanjman nan ki fèt nan klasman FIFA, prèske tout ekip rete nan plas yo te okipe a paske pat gen jounen entèsyonal match FIFA pou mwa avril la, top 10 mondyal la tankou top 10 konkakaf la rete menm jan an.
Ekip ki fè pi gwo progresyon an se Suriname ki pran 14 plas poutan Mauritanie fè pi move regresyon an lè li pèdi 9 plas.
10 pi bon yo :
1-Allemagne | 1687 pts |
2- Argentine | 1494 pts |
3- Belgique | 1457 pts |
4- Colombie | 1412 pts |
5- Brésil | 1372 pts |
6- Pays Bas | 1301 pts |
7- Portugal | 1221 pts |
8- Uruguay | 1176 pts |
9- Suisse | 1135 pts |
10- Espagne | 1132 pts |
10 pi bon yo nan KONKAKAF la :
1-Costa Rica | 1016 pts |
2- Mexique | 908 pts |
3- USA | 825 pts |
4- Panama | 587 pts |
5- Trinite-et-Tobago | 519 pts |
6- Jamaïque | 466 pts |
7- Honduras | 453 pts |
8- Haiti | 442 pts |
9- Salvador | 388 pts |
10- Guatemala | 371 pts |