Home MagazineAn KreyòlMarkendel Paul ap ba nou detay sou kòman 2 premye jou li yo pase nan Lorient

Markendel Paul ap ba nou detay sou kòman 2 premye jou li yo pase nan Lorient

par Haiti-Tempo

Nan yon ti chita pale ke haititempo.com genyen ak Markendel Paul ki se youn nan jwè seleksyon U-20 an, ki se jwè Baltimore tou k’ap fè staj nan peyi la Frans pou kounya nan klèb premye divizyon Lorient, li di nou kòman 2 premye jou antrènman yo te ye pou li. Paul ki panse tout bagay ta sipoze byen mache pou li ba nou tout detay. An nou li ansanm

HT : Markendel, nou konnen depi lendi ou nan peyi lafrans pou yon staj, di nou kòman premye jou antrènman an te ye pou ou?

MP :Yon ti jan byen paske te gen anpil fatig.

HT :Konbyen antrènman ou gentan swiv?Mp

MP:Mwen gentan swiv 2, mwen rete 8 pou mwen swiv paske se 10 mwen te genyen.

HT :Deja gen fatig pou 2 antrènman, ou panse ke w’ap reyisi staj sa pou ou ta siyen ak ekip la?

MP : Wi, paske se objektif mwen

HT:Ou gen kèk dirijan seleksyon an ki ansanm avèk ou pou ta ede’w?

MP :Non mwen pou kont mwen.

HT :Premye jou antrènman an kisa nou te fè?

MP :Konsève balon,jwe 6 kont 6 nan yon espas ki pa twò gwo.

HT :E pou dezyèm jou a kòman sa te ye?

MP :Dezyèm jou a nou te jwe 10 kont 10,atak rapid pandan 45 minit.

HT : haititempo.com di w mèsi

MP : mèsi haititempo.com

(Pawòl sa yo se Alix seme ki resevwa yo pou haititempo.com)

À lire aussi

Laisser un commentaire