Apremidi a, seleksyon nasyonal feminen Ayiti a ap demare chanpyona CONCACAF 2014 la fas a Guatemala nan vil Kansas City. Marie Yves Pierre Dina kise youn nan vedèt ekip sa a, reponn kesyon haititempo.com avan konpetisyon an demare.
HT: Eske ou menm ak rès ekip la pare pou tounwa sa a?
Dina: Bon nou motive, nou prepare e nou travay ansanm kòm yon sèl fanmi. Nou rete kwè ke moman sa a se moman pa nou e nou prè pou nou pran l. Donk nou pare.
HT: Konbyen tan nou fè ap prepare pou moman sa a?
Dina: Nou pase 3 zan ap prepare pou rive nan dènye faz sa a kote’n ye jounen jodi a. Nou prepare ni an Ayiti, ni nan Indiana, USA nan 3 dènye ane yo, nou travay di pou sa paske nou kwè ke rèv nou an posib.
HT: Eske’w ka fè yon ti pale sou tranzisyon w de Ayiti ak Indiana? Koman sa te ye?
Dina: Premye ane se pat fasil pou nou paske se te premye fwa n’ap kite fanmi nou, mennaj nou, lekòl nou, men dezyèm ane a ak kounye a nou fin abitye paske nou konnen poukisa nou kite tout sa’m sòt di’w yo la. Objektif nou se fè ekip feminen an kalifye pou premye fwa pou’l al jwe mondyal.
HT: Eske’w konfyan ke n’ap arive atenn objektif la?
Dina: Wi, mwen konfyan. Apre’n fin kalifye, mwen rete kwè ke lavi nou ap chanje, donk nou gen anpil konfyans.
HT: Pou tèmine, eske w gen yon mesaj wap voye pou piblik la ansanm lòt ti medam ki ta renmen jwe pou seleksyon nasyonal la yon jou?
Dina: Mesaj m’ap voye pou piblik la se ret konfyan. Pou ti medam yo ki gen rèv pou jwe pou gwo seleksyon an, pa fè lòt bagay ke travay di paske gen plas pou yo.
(Entèvyou reyalize pa Benson Petit-Clair pou haititempo.com)