Ekri pa Gary Eliézer
Boksè Ayisyen an Adonis Stevenson kenbe tit chanpyon mi-lourds (World Boxing Council) li an lè li bat Sakio Bika jounen samdi sa nan Colisée de Québec, sou desizyon favorab tout jij yo (115-111, 116-110 et 115-110) apre 12 pati (round).
Adonis (26-1-0, 21 K.-O.) ki t’ap defann tit chanpyon sa pou yon 6e fwa youn dèyè lòt apre l te deja kenbe li nan mwa desanm 2014 ki te sòt pase a kote li te toupizi Dmitry Sukhotsky nan sèlman 5 pati, refè menm bagay la ankò an fas kamerounè Sakio Bika (32-7-3, 21 K.-O.) pou li rete toujou nimewo 1.
Adonis te sitou mete gwo fòs li deyò nan 6e ak 9e pati a, kote pandan 2 fwa sa yo li te mete do advèsè a atè sou ring la nan yon match ki pat twò fasil pou tou 2. Men nan fen 12e pati a Adonis te moutre ke se li ki pi fò.
« Mwen moute Ring nan tankou yon chanpyon, mwen sòti tankou yon chanpyon, » se sa Ayisyen 37 ans te deklare apre match la.
Finalman, sanble Adonis pap kite senti mi-lourds (WBC) sa pou pyès lòt moun. Chad Dawson, Dmitry Sukhotsky epi Sakio Bika se 3 dènye moun ki viktim anba men boksè natif natal pòtoprens lan.